Administratris Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) resevwa mizajou sou rekiperasyon aprè sikòn Irma/Maria epi li vizite Enstiti Kansè Kimelman (Kimelman Cancer Institute)

Release Date Release Number
211
Release Date:
August 7, 2024

ST. THOMAS, Zile Vyèj Ameriken yo – Administratris FEMA Deanne Criswell te evalye pwogrè rekiperasyon an epi li te resevwa mizajou sou preparasyon teritwa a pou reponn ak evènman alavni yo nan Zile Vyèj Ameriken yo. Li te vizite Rezidans ofisyèl Gouvènè a (Government House), Enstiti Kansè Charlotte Kimelman (Charlotte Kimelman Cancer Institute) ak Ajans Jesyon Ijans Teritwa Vyèj Zile yo (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) pandan yon vizit semèn pase a nan St. Thomas. 

Vwayaj sa a make twazyèm vizit Criswell nan Zile Vyèj Ameriken yo (United States Virgin Islands, USVI) kòm Administratris FEMA.

Administratris Criswell te di: “Se te yon plezi pou mwen rejwenn Gouvènè Albert Bryan nan Zile Vyèj Ameriken yo pou evalye rekiperasyon an aprè siklòn Irma ak Maria. Mwen te gen opòtinite pou evalye pwogrè rekonstriksyon Charlotte Kimelman Cancer Institute nan St. Thomas, ki pral pèmèt abitan Lès Karayib yo resevwa trètman kansè pi prè lakay yo. FEMA rete angaje pou li asire USVI rebati nan yon fason ki pi solid epi ki pi rezistan pase anvan.” 

Pandan vizit la, Criswell te evalye eta rekiperasyon an aprè siklòn marasa 2017 yo avèk Administratè Rejyonal Rejyon 2 a David Warrington, Administratè Adjwen Rejyonal Rejyon 2 a Andrew D'Amora, Direktè Adjwen Rekiperasyon FEMA pou USVI yo Sean Carroll ak pèsonèl Biwo Rekiperasyon Zile Vyèj yo. Criswell te rankontre tou nan Government House Gouvènè Albert Bryan Jr., nouvo Chèf estaf, Kevin Williams, Direktè VITEMA Daryl Jaschen ak Sheniece Rouse, Analis Pwojè nan Biwo Rekiperasyon aprè katastwòf; Direktris Biwo Rekiperasyon aprè katastwòf (Office of Disaster Recovery ,ODR) Adrienne L. Williams-Octalien ki te patisipe nan reyinyon an vityèlman.

Aprè reyinyon ki te fèt nan maten nan Government House la, Criswell te vizite Charlotte Kimelman Cancer Institute avèk Darryl A. Smalls, Direktè Egzekitif Ekip Redevlopman Lopital Teritoryal la, pou jwenn yon apèsi sou plan teritwa a pou ranplase Roy Lester Schneider Hospital epi pou wè travay restorasyon k ap fèt nan sant onkoloji (oncology center) a. Gouvènè Bryan te rejwenn Criswell pou vizit la.

FEMA te angaje $54.7 milyon dola pou restorasyon ak ranplasman matryèl nan Kimelman Cancer Institute.

"Nou rekonesan anpil pou sipò kontinyèl Administratris Criswell ak pou patenarya FEMA pandan n ap ranfòse enfrastrikti nou yo ak rezistans kominote nou an. Gouvènè Bryan te di: Vizit li yo non sèlman reyafime angajman kolektif nou pou efò rekiperasyon yo men tou yo asire nou pi byen prepare pou defi alavni yo”. “Administrasyon Bryan-Roach la fèm nan efò li yo pou fè avanse rekiperasyon aprè katastwòf ak rekonstriksyon enfrastrikti enpòtan sou Teritwa a. Ansanm, nou p ap sèlman rebati Zile Vyèj Ameriken yo; n ap transfòme teritwa nou renmen an nan yon kote ki pi an sekirite, ki pi solid epi ki pi dirab pou tout rezidan nou yo.

Criswell te resevwa tou yon mizajou sou efò preparasyon teritwa a pou sezon siklòn Atlantik sa a nan men Direktè VITEMA Daryl Jaschen pandan yon vizit nan Sant Operasyon Ijans VITEMA nan St. Thomas.. Pandan reyinyon an, Jaschen ak Criswell te konsantre sou fason patenarya FEMA avèk teritwa a kapab ranfòse kapasite VITEMA pou li reponn ak tout danje ki menase Zile Vyèj Ameriken yo.

On July 30, Darryl A. Smalls, Executive Director of the Territorial Hospital Redevelopment Team provided FEMA Administrator Deanne Criswell, USVI Governor Albert Bryan Jr., and FEMA Region 2 Regional Administrator, David Warrington an overview of the restoration work happening at the Charlotte Kimelman Cancer Institute on St. Thomas.
30 jiyè, Darryl A. Smalls, Direktè Egzekitif Ekip Redevlopman Lopital Teritwa a, te bay Administratris FEMA Deanne Criswell, Gouvènè Zile Vyèj Ameriken yo Albert Bryan Jr., ak Administratè Rejyonal Rejyon 2 FEMA, David Warrington yon apèsi sou travay restorasyon k ap fèt nan Charlotte Kimelman Cancer Institute nan St Thomas. (Foto: FEMA/Deanne Swain)
FEMA Administrator Deanne Criswell and Region 2 Regional Administrator David Warrington met with Governor Albert Bryan Jr., on July 30 to review the territory’s recovery progress from hurricanes Irma and Maria.
30 jiyè, Administratris FEMA Deanne Criswell ak Administratè Rejyonal Rejyon 2 David Warrington te rankontre ak Gouvènè Albert Bryan Jr. pou evalye pwogrè rekiperasyon teritwa a aprè siklòn Irma ak Maria. (Foto: FEMA/Deanne Swain)

 

Tags:
Dènye mizajou