FEMA pwolonje dat limit pou depoze aplikasyon yo

Release Date Release Number
032
Release Date:
October 13, 2023

LAKE MARY, Fla. – Pwopriyetè kay nan Florida yo ak lokatè ki  nan 18 konte yo ki gen domaj oswa pèt ki pa gen asirans pou yo lakoz Siklòn Idalia gen jiska 29 novanm pou yo kapab aplike pou asistans pou katastwòf FEMA.

Jan Eta FLorida mande li a, FEMA pwolonje Asistans Endividyèl pou aplikasyon yo pou yon delè 30 jou. FEMA ka anmezi pou ede ak lojman tanporè, depans pou reparasyon debaz nan kay oswa lòt bezwen ki lye ak katastwòf. 

Pwopriyetè kay ak lokatè nan konte Charlotte, Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo kapab aplike. 

Rele liy gratis la nan 800-621-3362, ale sou entènèt la souDisasterAssistance.gov, telechaje FEMA Apppou aparèy mobil yo oswa ale nan Sant Rekiperasyon Katastwòf. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 10 p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube

Tags:
Dènye mizajou