Kijan pou w Aplike pou Asistans FEMA Apre Siklòn Idalia

Release Date Release Number
001
Release Date:
August 31, 2023

ATLANTA – Pwopriyetè kay nan Florida yo ak lokatè ki nan konteCitrus, Dixie, Hamilton, Lafayette, Levy, Suwannee ak Taylor  ki gen domaj oswa pèt ki pa gen asirans pou yo lakoz Siklòn Idalia kapab aplike pou asistans pou katastwòf FEMA.

FEMA ka anmezi pou ede ak lojman tanporè, depans pou reparasyon debaz nan kay oswa lòt bezwen ki lye ak katastwòf. 

Gen plizyè fason pou ou aplike: Ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov, rele 800-621-3362 soti 7 a.m pou rive 11 p.m, Lè Lès oswa itilize Aplikasyon Mobil Fema. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:  

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou
  • Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Enfòmasyon kanè bank ou si w chwazi depo dirèk. 
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay, lokatè oswa asirans pou inondasyon, ou dwe depoze yon reklamasyon tousuit. FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si kontra ou a pa kouvri tout depans domaj ou yo, ou kapab kalifye pou asistans federal. 

Fè foto pou w idantifye dega yo epi kòmanse netwaye ak repare pou evite lòt dega. Sonje konsève tout resi depans ou fè ki gen rapò ak netwayaj ak reparasyon yo. 

Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou jwenn asistans, ale sou youtube.com/watch?v= WZGpWI2RCNw.

Tags:
Dènye mizajou