Fè Atansyon ak Fwod Apre Siklòn Idalia

Release Date Release Number
003
Release Date:
September 2, 2023

ATLANTA –  Sivivan nan katastwòf yo dwe fè atansyon ak eskwo ak kriminèl ki ap eseye fè lajan ak volè enfòmasyon pèsonèl yo gras ak fwod oswa tantativ vòl idantite apre yon katastwòf. Nan kèk ka, vòlè yo ap eseye aplike pou asistans FEMA pandan yo ap itilize non, adrès ak nimewo Sekirite Sosyal yo te vòlè pou sivivan yo.

Si yon enspektè FEMA al lakay ou epi ou pa te aplike nan FEMA, kapab se itilize yo itilize enfòmasyon ou san ou pa te konnen pou yo aplike nan FEMA. Nan ka sa, enfòme enspektè a ou pa te aplike pou èd nan FEMA pou yo kapab kanpe tout pwosesis aplikasyon an.

Si ou pa t aplike pou asistans men ou te resevwa yon let pou asistans nan FEMA, tanpri rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362. Liy èd la ap soumèt demand ou a pou yo kapab kanpe nenpòt lòt pwosesis ki pral fèt sou aplikasyon sa. 

Si ou ta vle fè yon demand pou asistans nan FEMA lè ou fin fèmen yon aplikasyon ki te sou non ou san ou pa te konnen, FEMA ap bezwen asiste w nan kreyasyon nouvo demand aplikasyon ou an.

Magouy

Ekip FEMA pou Asistans pou Sivivan Katastwòf, enspektè kay yo ak lòt ofisyèl pral travay nan zòn ki afekte nan Siklòn Idalia nan Florida. Yo gen badj idantifikayon ofisyèl ki gen foto. Reprezantan FEMA ak Administrasyon Ti Biznis nan Etazini an (SBA) pa janm mande moun k ap aplike pou asistans katastwòf, pou enspeksyon oswa pou èd, lajan pou yo ka ranpli aplikasyon yo. 

Pa kwè pèsòn ki pwomèt ou y ap ba w yon sibvansyon pou katastwòf si ou peye yo. 

Fè atansyon ak apèl sanzatann oswa moun ki pase vizite kay ou ki di yo se enspektè kay pou FEMA oswa moun ki di y ap travay pou FEMA. Enspektè FEMA yo ap gen nimewo aplikasyon FEMA ou a:

Pa bay enfòmasyon kane bank ou ak yon moun ki di li se enspektè FEMA. Enspektè FEMA yo pa janm gen otorizasyon pou kolekte enfòmasyon finansye pèsonèl ou. 

Si ou panse ou te viktim nan magouy rapòte li imedyatman bay lapolis lokal ou a oswa depatman cherif la, oswa kontakte biwo Pwokirè Jeneral la rele nan 866-9-NO-SCAM (866-966-7226) oswa ale sou myfloridalegal.com. Pou depoze yon plent pou fwod, ale sou entènèt laRapòte Magouy (myfloridalegal.com).

Si ou sispek gen yon fwod ki ap fet ki gen pou we ak FEMA, ou kapab rapote li nan Branch pou Fwod FEMA nan:  StopFEMAFraud@fema.dhs.gov, faks: 202-212-4926 oswa ekri: Divizyon Envestigasyon Enten ak Fwod FEMA, 400 C Street SW Mail Stop 3005, Washington, DC 20472-3005.

Si ou sispèk yon vòl idantite, tanpri ale sou Vòl Idantite | FTC Enfòmasyon pou Konsomatè yo oswa IdentityTheft.gov

Tags:
Dènye mizajou