Plis Konte Florida ki Kalifye pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
004
Release Date:
September 2, 2023

ATLANTA – Konte Columbia, Gilchrist, Hernando, Jefferson, Madison ak Pasco kalifye kounye a pou asistans FEMA apre Siklòn Idalia. 

Patikilye ak Fwaye ki fè pèt nan konte Columbia, Gilchrist, Hernando, Jefferson, Madison ak Pasco kapab aplike pou Asistans Endividyèl nan FEMA.

Konte sa yo rejwenn Citrus, Dixie, Hamiton, Lafayette, Levy, Suwannee ak Taylor, ki dènyèman te apwouve pou Aistans Endividyèl.

Pou aplike pou asistans pou katastwòf FEMA a, ale sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA apou esmatfòn oswa rele nan 800-621-3362. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w ap itilize pou sèvis sa a. Gen liy nan plizyè lang ki ouvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m. lè lokal, sèt (7) jou pa semèn.

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lojman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt depans lakoz katastwòf.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou