Rete Konekte ak FEMA

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-022
Release Date:
July 5, 2023

LAKE MARY, Florida – Si w te aplike pou asistans FEMA apre gwo tanpèt, tònad ak inondasyon nan Broward County, asire w ke FEMA gen dènye enfòmasyon pou kontakte w. FEMA ka bezwen kontakte w pou plis enfòmasyon.

Si enfòmasyon kontak ou yo chanje, ou ta dwe mete ajou aplikasyon FEMA ou imedyatman. 

Pou mete enfòmasyon w yo ajou, ou ka kreye yon kont nan DisasterAssistance.gov epi klike sou ikòn vèt ki gen tit “Check Status,” epi suiv enstriksyon yo pou kreye yon kont oswa pou w jwenn aksè nan kont ou. Ou ka rele tou 800-621-3362 soti 7 a.m. rive 1 a.m. ET, sèt jou sou sèt.

Aplikan yo ta dwe mete FEMA okouran konsènan chanjman nan asirans, sitiyasyon lojman aktyèl, nimewo telefòn, adrès postal ak preferans peman ou. Enfòmasyon ki manke oswa ki pa kòrèk ka retade asistans finansye ou ka elijib pou resevwa a. Lè w ap kontakte FEMA, al gade nan nimewo nèf chif yo te ba w lè w te aplike.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon nan Florid apre gwo tanpèt, tònad ak inondasyon Broward County vizite, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4709. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak nan facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou