Itilize Sibvansyon pou Asistans apre Katastwòf yo ak Pridans

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 051
Release Date:
November 26, 2018

TALLAHASSEE, Fla. – Si ou se yon sivivan Siklòn Michael nan konte Bay, Calhoun, Franklin, Gadsden, Gulf, Holmes, Jackson, Leon, Liberty, Taylor, Wakulla oubyen Washington, ou ka te resevwa yon sibvansyon pou asistans apre Katastwòf resaman. Li enpòtan pou w sonje lajan an dwe sèvi sèlman pou depans ki gen rapò dirèk ak katastwòf la.

Lè FEMA debouse yon sibvansyon pou asistans apre katastwòf, li voye yon avi bay benefisyè a ki liste itilizasyon ki apwouve pou sibvansyon an. Mesaj la detaye egzakteman kijan lajan an ka depanse. Depans yo dwe gen rapò dirèk ak pèt, domaj, oubyen depans pou lojman tanporè akoz Siklòn Michael. Sibvansyon pou katastwòf yo pa dwe itilize pou vwayaj, divètisman oubyen depans lavi toulejou tankou sèvis piblik, fakti medikal oswa dantè ki pa gen rapò ak katastwòf la.

Gen sibvansyon pou asistans pou lwaye yo bay pou lojman tanporè lè kay ou rete inabitab oubyen inaksesib akoz yon katastwòf. Si ou gen lentansyon kontinye chèche asistans pou lwaye, w ap bezwen resi yo pou montre ou te itilize sibvansyon an pou lwaye.

Apre chak katastwòf grav, FEMA ka fè verifikasyon aleyatwa pou l wè kijan sibvansyon yo ap depanse epi yo ka mande moun repeye yo si lajan an pa t depanse jan li te dwe. Nou konseye sivivan yo pou yo kenbe resi yo pandan twazan pou yo dokimante ke lajan an te sèvi pou depans ki te apwouve pou katastwòf. 

Lè FEMA kontakte ou, li mesaj oubyen lèt la ak anpil atansyon. Si ou genyen nenpòt kesyon, rele Liy Asistans Telefonik FEMA nan 800-621-3362; Itilizatè TTY ka rele 800-462-7585.

 

Ou kapab al vizite youn nan 13 sant rekiperasyon apre katastwòf yo tou ki louvri nan konte yo deziyen pou katastwòf la. Pou w jwenn sant ki pi pre w la ak orè yo travay tanpri rele Liy Asistans Telefonik la oubyen vizite FEMA.gov/DRC.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

 Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info

 Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA    ak  Facebook.com/FloridaSERT  .

 

 

Tags:
Dènye mizajou