Sivivan Laura yo: Lèt Detèminasyon Apèl pou Lojman Tanporè

Release Date Release Number
NR 059
Release Date:
December 2, 2020

BATON ROUGE, La. — Sivivan siklòn Laura yo ki abite nan pawas ki deziyen yo pou Asistans Lojman Tanporè Dirèk e kit e jwenn refi pou asistans lojman tanporè kapab konteste desizyon sa a.  Sivivan yo gen 60 jou apati dat lèt desizyon apèl la pou yo konteste desizyon sa a. Men, dènye delè a pou refere pou asistans lojman tanporè dirèk se 31 Desanm 2020.

Aplikan yo ki pa resevwa yon apèl nan FEMA pou diskite sou elijiblite yo pou opsyon lojman tanporè dirèk epi si ou panse gen yon erè yo ankouraje yo pou soumèt yon apèl nan FEMA avèk dokiman sipò pou pwouve kay yo pa abitab akoz gwo domaj oswa destriksyon konplè siklòn Laura te koze.

Aplikan ki asire yo gen obligasyon pou soumèt dokiman règleman oswa refi nan FEMA opli vit ke posib si yo te refize reklamasyon asirans yo oswa si li pa ase epi kay yo pa abitab.

Lèt Detèminasyon

Li enpòtan pou w li lèt detèminasyon an avèk anpil atansyon pou idantifye rezon ki fè yo deklare yo pa elijib.  Men kèk rezon komen:  

 

  • Kay la asire e aplikan an bezwen pou l bay yon deklarasyon règleman oswa refi pou yo kapab considere l pou asistans. 
  • Sivivan an bezwen pou l bay lòt enfòmasyon ki nesesè pou l kapab pwove idantite, dwa pwopriyete, ak/oswa okipasyon nan kay ki andomaje a. 
  • Te genyen plizyè enskripsyon kote yo te itilize menm adrès la. 
  • Domaj nan yon dezyèm rezidans (kote sivivan abite mwens pase sis mwa nan ane a).
  • Kay la ansekirite pou abite akoz dosye FEMA yo endike pa gen anpil oswa pa gen domaj nan kay la. 
  • Rate enspeksyon epi pa gen swivi kominikasyon avèk FEMA. 
  • FEMA pa anmezi pou kontakte aplikan an. 

Abitabilite

Yon kay abitab se yon kay ki ansekirite, pwòp, fonksyonèl e ki pa prezante okenn danje katastwòf te koze pou okipan yo.  Règleman FEMA define ansekirite ak pwoteje kont danje ki gen rapò avèk katastwòf  oswa menas pou okipan yo; pwòp ki pa gen danje sante ki gen rapò avèk katastwòf; ak fonksyonèl oswa kay yo kapab itilize pou objektif yo te prevwa a. 

Yon enspeksyon FEMA detèmine si reparasyon kay nesesè pou asire sekirite oswea sante okipan yo oswa pou fè rezidans lan fonksyonèl. FEMA konsidere faktè ki annaprè yo lè yap detèmine abitabilite ak akòde asistans pou reparasyon: 

  • Eksteryè a estriktirèlman sa ki gen ladan fenèt, pòt, ak twati;
  • Sèvis piblik yo fonksyonèl sa ki gen ladan elektrisite, gaz, chofaj, plonbri, elatriye.; 
  • Estrikti andedan an an bon eta sa ki gen ladan planche, miray, ak plafon; 
  • Gen aksè ansekirite pou ale ak soti nan kay la; 
  • Sistèm septik ak egou a fonksyone komsadwa; ak
  • Rezèv dlo a oswa pwi atezyen an (si aplikab) fonksyonèl. 

 

Domaj katastwòf koze ka soti san li pa rann kay la inabitab.  Byenke ti danje kapab koze kèk deranjman.  Yo prevwa ke moun oswa kay yo pral adrese pèt sa yo san asistans federal.

Detèmine Abitabilite

Pou siklòn Laura, FEMA te itilize plizyè metòd pou verifye abitabilite.  Enspektè FEMA ki gen anpil eksperyans nan FEMA te fè enspeksyon yo epi kay yo te idantifye kòm inabitab yon validasyon eksteryè te konplete tou nan kay la. FEMA te itilize tou teknoloji, tankou imaj satelit ak enfòmasyon ki soti nan Sèvis Dife Eta pou  fè detèminasyon sa yo. 

Konteste Desizyon FEMA

Si ou santi kantite oswa kalite asistans lan pa kòrèk, ou ka soumèt yon eksplikasyon siyen, alekri ki endike poukisa ou panse desizyon FEMA pa kòrèk, ansanm avèk kopi nenpòt dokiman ki sipòte kontestasyon ou an epi montre pèt ou nan katastwòf. Ou dwe soumèt nan FEMA lèt kontestasyon ou an nan lespas 60 jou apati dat lèt desizyon ou an e li dwe deklare ke wap mande rekonsiderasyon sou desizyon spesifik epi eksplike andetay poukisa out e depoze apèl la. 

Gen kat fason ou kapab soumèt lèt la ansanm avèk dokiman yo. Asire pou enkli lèt kouvèti ou te resevwa nan FEMA—avèk nenpòt lèt ou soumèt. 

Voye pa lapòs nan adrès ki anba.  

  • FEMA National Processing Service Center 
  • P.O. Box 10055 
  • Hyattsville, MD 20782-7055 

 

  • Fakse l nan: 800-827-8112. 
  • Telechaje nan disasterassistance.gov si ou gen yon kont FEMA anliy. Pou kreye yon kont FEMA anliy, vizite sit la epi klike sou “Check Your Application and Log In” epi swiv enstriksyon yo. 
  • Vizite yon Sant Rekiperasyon Katastwòf FEMA, sa ki anba strik pwotokòl COVID-19 pou asire sekirite tout patisipan yo. Mask oswa kouvèti pou figi obligatwa pou antre ak sèvis. Jwenn sant ki pi pre w lè ou rele liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585), ale anliy nan disasterassistance.gov oswa telechaje aplikasyon FEMA. 
     

Moun sila yo ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa  CapTel ta dwe mete FEMA ajou avèk nimewo spesifik yo ki asiyen pou sèvis sa. 

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura vizite  https://www.fema.gov/disaster/4559

Tags:
Dènye mizajou