Dat Limit Enpòtan yo ap Pwoche pou Sivivan Ouragan Michael nan Florida

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 042
Release Date:
November 14, 2018

TALLAHASSEE, Fla.— Gen anpil dat limit enpòtan k ap pwoche pou sivivan Ouragan Michael.

 

Dat limit aplikasyon pou pwogram ki endike anba la yo ap pwoche byen vit:

 

  • Èd pou Chomaj Akòz Katastwòf: Sivivan yo ki nan Konte Bay, Calhoun, Franklin, Gadsden, Gulf, Holmes, Jackson, Liberty, Taylor, Wakulla ak Washington  gen jiska 14 novanm pou aplike. Sivivan ki nan Konte Leon gen jiska 16 novanm.
  • Objektif èd pou chomaj akòz katastwòf la se pou ede travayè ki gen revni prensipal yo ki pèdi oswa ki sispann akòz Ouragan Michael.
  • Li pa menm avèk asirans chomaj leta paske li bay avantaj pou moun ki se travayè endepandan, kiltivatè, bichwon,  ak anplwaye ki travay sou komisyon.
     
  • Pwogram Twati Ble: Dat limit pou prezante yon Dwa pou Antre (Right of Entry, ROE) se 16 novanm. Pwopriyetè kay yo dwe siyen yon fòm ROE  pou kite anplwaye gouvènman ak kontraktè yo antre nan pwopriyete yo pou evalye domaj yo epi pou enstale kouvèti pwovizwa a.

 

Menmsi ou gen asirans, ou kapab aplike pou èd pou katastwòf la. FEMA pa kapab double peman asirans lan, men ou ka resevwa èd apre ou resevwa peman pou reklamasyon ou yo. Dat limit pou aplike pou èd pou katastwòf la se lendi  10 desanm.

 

Aplikasyon pou èd pou katastwòf se yon pwosesis de etap. Toudabò , enskri pou èd la, answit prezante aplikasyon ou pou prete lajan pou katastwòf la nan SBA. Pa gen frè pou peye pou aplike pou prè a, epi si yo apwouve ou, ou pa gen obligasyon pou aksepte li. Dat limit pou aplike pou SBA se lendi  10 desanm.

 

Èd federal pou katastwòf pa afekte lòt avantaj gouvènman, tankou Sekirite Sosyal ak Medicaid, epi yo pa konsidere èd la kòm revni pou peye taks sou li. Sivivan yo dwe itilize non yo ki parèt nan kat Sekirite Sosyal yo epi yo dwe gen enfòmasyon sou asirans yo ak enfòmasyon sou domaj ki asosye avèk katastwòf la disponib nan moman enskripsyon yo.

 

Gen èd ki disponib nan pifò lang yo, epi enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon disponib nan ASL sou sitwèb https://www.fema.gov/resources-people-disabilities-access-functional-needs

 

Ou kapab enskri pou jwenn èd nan nenpòt nan fason sa yo:

  • Konekte sou sitwèb DisasterAssistance.gov
  • Rele nimewo 800-621-3362. Moun ki soud, mal pou tande oswa ki bèbè epi ki itilize yon TTY ka rele nimewo 800-462-7585. Si ou itilize 711 oswa VRS oswa si ou bezwen aranjman, pandan w ap vizite yon sant, rele nimewo 800-621-3362. Liy telefòn pou rele gratis yo louvri chak jou depi 7 a.m. Jiska 10 p.m.
  • Ale nan yon Sant Sekou pou Katastwòf. Pou jwenn sant ki pi pre ou nan  Florida, ale sou sitwèb egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator
  • Pou jwenn plis enfòmasyon sou redrèsman nan Florida, ale sou sitwèb Katastwòf nan Eta Florida floridadisaster.org

 

 

###

 

Misyon FEMA: Ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akòz Siklòn Michael, al gade nan www.floridadisaster.org/info

 

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, al gade nan www.fema.gov/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 epi @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA akFacebook.com/FloridaSERT.

 

 

Tags:
Dènye mizajou