Sejou nan otèl pwolonje jiska 6 janvye pou sivivan Irma ki elijib

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 125
Release Date:
December 1, 2017

ORLANDO, Fla. – Sivivan siklòn Irma ki elijib k ap resevwa asistans lojman tranzisyonèl (Transitional Sheltering Assistance, TSA) ka resevwa yon pwolongasyon pou rete tanporèman nan otèl pandan y ap chèche yon lòt kote pou yo abite.

Pwogram asistans lojman tranzisyonèl la, ki peye pou sejou nan otèl akoutèm, te pwolonje elijiblite soti nan 3 desanm pou rive nan 6 janvye, pou kite otèl la le 7 janvye. Patisipan yo nan pwogram nan pral resevwa yon apèl telefonik pou fè yo konnen si yo elijib pou pwolongasyon an epi ki sa yo dwe fè pou yo rete nan otèl kote yo ye a oswa si pou yo chèche yon nouvo otèl. Aplikan yo dwe ranpli kèk kondisyon pou yo ka kontinye rete elijib.

N ap avize otomatikman sivivan siklòn Irma yo ki pa nan pwogram nan kounye a men ki ka elijib pou pwogram nan. Patisipan nan pwogram TSA yo dwe anrejistre nan FEMA epi yo dwe elijib pou asistans pou katastwòf.

FEMA peye dirèkteman pou chanm nan ak tout taks ki aplikab. Aplikan yo responsab pou tout lòt depans okazyonèl (manje, transpò, eksetera) Otèl yo ka mande pou bay yon kat kredi pou depans okazyonèl yo.

Yon fanmi ki gen kat moun oswa mwen otorize pou gen yon chanm otèl epi yon fanmi ki gen senk moun oswa plis otorize pou jwenn chanm siplemantè daprè yon limit kat moun pa chanm. Yon manm nan chak fanmi ki gen 18 an oswa plis dwe abite nan chak chanm.

Aplikan ki elijib pou pwogram TSA yo dwe jwenn epi rezève pwòp chanm otèl yo. W ap jwenn lis otèl k ap patisipe yo sou DisasterAssistance.gov, nan lyen Transitional Sheltering Assistance Program oswa lè w rele liy asistans FEMA  a nan 800-621-3362. Pou TTY, rele 800-462-7585. Pou 711 oswa Video Relay Service (VRS), rele 800-621-3362.

Aplikan ki gen andikap oswa ki gen aksè ak bezwen fonksyonèl dwe tyeke avèk otèl yo pou asire yo gen akomodasyon ki apwopriye ki disponib pou yo. Moun ki gen bèt domestik dwe tyeke pou wè si y ap aksepte bèt yo nan otèl la.

Aplikan yo dwe montre idantifikasyon ki gen foto yo sou li epi respekte kondisyon otèl la genyen pou moun jwenn yon chanm.

Pou plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak retablisman nan Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL,Kont Twitter @FEMARegion4, oswa sitwèb Florida Division of Emergency Management.

 

###

 

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

###

Tags:
Dènye mizajou