Kijan pou w Evite – epi Kote pou w Fè Rapò Sou– Posiblite Fwòd Apre yon Katastwòf

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 009
Release Date:
November 9, 2018

TALLAHASSEE, Fla. – Apre yon katastwòf, li pridan pou w okouran posiblite fwòd ak magwouy ki ka prezante. Evènman sila yo kapab mennen kriminèl ak magwouyè.

 

Si ou panse ou viktim yon magwouy nan kontra oubyen enflasyon volontè pri oswa lòt aktivite fwòd, kontakte otorite lapolis lokal la epi rapòte l bay Biwo Pwokirè Jeneral Florida a (Florida Office of the Attorney General) sou Liy Asistans Telefonik pou Fwòd la nan 866-966-7226, liy Asistans Telefonik FEMA pou Fwòd Apre Katastwòf la nan 866-720-5721, imèl: disaster@leo.gov oubyen kontakte Komisyon Federal pou Kòmès (FTC) nan www.ftc.gov/complaint.

 

Men yon lis magwouy posib ke yo ka vin eseye fè nan konte ki afekte akoz Siklòn Michael:

 

Apèl Telefonik

 

Si ou resevwa yon apèl ki fè w konnen ou kalifye pou yon pwogram asistans FEMA apre katastwòf, piga bay okenn enfòmasyon pèsonèl. Piga bay enfòmasyon pèsonèl ni enfòmasyon kont anbank ou nan telefòn. Si yon moun kontakte w e ou panse se yon magwouyè, kontakte ajans lapolis lokal ou a.

 

FEMA “Sètifye”

Gendelè moun ka vire nan yon katye ki andomaje avèk yon ansèy “Kontraktè FEMA Sètifye” plake sou machin yo. FEMA pa ni sètifye ni rekòmande okenn kontraktè nan sektè prive a. (Moun ak antite gouvènmantal yo dwe fè trèzatansyon lè y ap anboche kontraktè apre nenpòt katastwòf.)

Si yon moun ki pretann li se yon kontraktè vin kontakte w epi li deklare li reprezante FEMA oubyen FEMA bali non ou, ou dwe rasanble leplis enfòmasyon posib sou kontraktè a epi rapòte li bay ajans lapolis lokal ou a.

Yon enspektè vini lakay ou san li pa genyen yon foto idantifikasyon FEMA

Piga kite yon moun rantre anndan kay ou ki pretann li se yon enspektè FEMA men ki pa genyen yon foto idantifikasyon FEMA. Toujou mande pou w wè yon badj foto idantifikasyon FEMA. Yon mayo oubyen yon jakèt FEMA se pa yon prèv idantifikasyon. Tout reprezantan FEMA yo, tankou enspektè ki gen kontra ak nou yo, pral genyen yon foto idantifikasyon ki lamine. Si ou genyen dout, rele liy asistans telefonik FEMA nan 800-621-3362 oubyen TTY 800-462-7585.

Yon moun vin lakay ou pou l fè yon enspeksyon men li mande w lajan anvan pou l kòmanse

Travayè federal ak travayè leta pa mande pou—ni yo pa aksepte—lajan. Reprezantan FEMA yo pa p janm faktire w pou asistans pou katastwòf, enspeksyon kay ni pou ede w ranpli aplikasyon yo. Rete veyatif parapò ak fo pwomès moun ap fè pou yo akselere pwosesis asirans lan, asistans pou katastwòf la oubyen pèmi pou bilding lan.

Don charitab

 

Genyen yon lis òganis charitab renome ke Wise Giving Alliance nan Better Business Bureau apwouve e ki disponib nan www.give.org. Alliance la konseye moun “pa reponn a imèl non solisite, veye telemaketè ki ensistan epi veye pou fo òganis charitab ki sanble yo reyèl akoz yo itilize non ki similè.”

 

Pou plis enfòmasyon sou kijan pou w evite magwouy nan don charitab, al gade sitwèb Komisyon Federal pou Kòmès la nan  www.consumer.ftc.gov/features/scam-alerts

 

Lis Lokasyon yo

 

Komisyon Federal pou Kòmès (FTC) genyen enfòmasyon sou kijan magwouy sou lis lokasyon yo fonksyone. Pa egzanp, magwouyè yo konnen ke sa ka mande anpil travay pou w jwenn yon bon apatman, epitou depi gen yon bon opòtinite ki prezante, li pa fasil pou vag sou sa.  Jwenn plis enfòmasyon nan www.consumer.ftc.gov/articles/0079-rental-listing-scams.

 

Machin andomaje

 

Yon lòt fwòd ki ka rive apre yon katastwòf, dapre Biwo Nasyonal pou Krim Asirans (NICB), se lavant yon machin ki andomaje nan siklòn ke yo afiche antanke yon machin dezyèm men ki an bon kondisyon. NICB jere pwogram VINCheck sou entènèt la ki pèmèt moun k ap achte machin pou yo wè si yon manm NICB ki patisipe nan pwogram nan te janm deklare yon machin antanke “rekipere” oubyen antanke pèt total. Konpayi Asirans ki reprezante anviwon 88 pousan mache asirans pou otomobil pèsonèl la bay pwogram nan done sou rekiperasyon yo. Ou kapab jwenn aksè nan VINCheck nan www.nicb.org/how-we-help/vincheck.

 

Reparasyon sèvis piblik

 

Kliyan sèvis piblik yo, sitou kliyan konpayi elektrik yo, dwe veyatif pou magwouy moun fè anpèsòn, nan telefòn ak sou entènèt. Gendelè yo pretann yo se yon anplwaye nan yon konpayi epi yo mande peman imedya ak kat kredi, kat debi prepeye oubyen kat kado, epi yo menase y ap koupe sèvis lakay ou oubyen nan biznis ou. Piga janm bay enfòmasyon kat kredi ou nan telefòn amwens ou sèten idantite moun k ap rele a. Lè ou genyen dout, rele konpayi sèvis piblik ou a.

Kontwòl rimè

Pou demanti sèten rimè ki fo k ap sikile sou entènèt ak medya sosyal yo, FEMA genyen yon paj entènèt ki dedye pou l adrese kèk nan sijè ki pi komen yo. Pou w jwenn enfòmasyon ki pi kòrèk nan men sous nou fè konfyans yo al gade sou paj pou kontwòl rimè nou an pou Siklòn Michael nan www.fema.gov/hurricane-michael-rumor-control.

 

###

 


Misyon FEMA: Ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael, al gade nan www.floridadisaster.org/info

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, al gade nan www.fema.gov/ht/disaster/4399.

 

Suiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 epi @FLSERT. Ou kapab vizite paj Facebook FEMA ak Divizyon an nan Facebook.com/FEMA epi Facebook.com/FloridaSERT.

 

 

 

 

 

Tags:
Dènye mizajou