Mezon adorasyon nan eta Florida ka Elijib pou Asistans Piblik FEMA pou Kouvri Domaj akoz Siklòn Michael

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 004
Release Date:
November 5, 2018

Kisa pwogram sibvansyon Asistans Piblik la ye?

  • Asistans Piblik (PA) bay gouvènman eta ak lokal yo ak sèten tip òganizasyon prive ki pa travay pou pwofi (PNP) sibvansyon pou pèmèt kominote yo pote sekou ak rekipere apre katastwòf prezidan an deklare.
  • Se FEMA ki finanse pwogram nan sou yon baz pataj frè e se Florida Division of Emergency Management (Divizyon Jesyon Ijans Florida) ki administre li.
  • FEMA ofri asistans sibvansyon federal siplemantè apre katastwòf, 75 pousan ranbousman pou depans elijib pou Travay Dijans (retire debri ak mezi pwoteksyon dijans ki sove lavi) ak Travay Pèmanan (reparasyon, ranplasman oswa restorasyon enstalasyon piblik katastwòf domaje ak enstalasyon sèten òganizasyon ki pa travay pou pwofi).
    • Pou PNP ki Elijib yo, travay pou retire debri yo limite ak sa ki asosye avèk pwopriyete yon enstalasyon.
    • Mezi pwoteksyon dijans yo jeneralman limite ak aktivite ki asosye ak prevansyon domaj nan yon enstalasyon ak tout sa ki ladan l yo.
  • FEMA pa bay PNP yo finansman PA pou depans ki gen rapò avèk sèvis dijans tèlke bay sivivan yo abri ak manje ak lòt sèvis gouvènemantal; amwenske se yon antite gouvènman ki gen responsabilite legal ki te mande sa oswa ki sètifye sèvis sa yo.
  • Frè pou operasyon jeneralman pa elijib menmsi sèvis yo se sèvis dijans; amwenske mezon adorasyon an ofri yon sèvis dijans sou demann ak sou sètifikasyon yon antite gouvènman ki gen responsabilite legal.
     
    Kondisyon pou mezon adorasyon yo kalifye
  • Yon mezon adorasyon dwe:
    • Se pwopriyete oswa sou gouvènans yon òganizasyon Prive ki Pa Travay pou Pwofi.
    • Gen domaj Siklòn Michael lakòz ki te rive 7-19 oktòb 2018.
    • Ofri yon sèvis ki pa kritik men ki esansyèl pou piblik la anjeneral, san konsiderasyon pou nati relijyèz oswa layik yo.
    • Bay yon lèt sou desizyon aktyèl IRS ki akòde yon estati egzansyon fiskal selon Seksyon 501 (c ) (d) oswa (e).
    • Dokimantasyon ki soti nan eta a ki deklare li se yon òganizasyon ki pa travay pou pwofi e ki pa jenere revni e ki etabli oswa k ap fonksyone antanke antrepriz selon lwa eta a
       
      Aplikasyon pou Demann pou Asistans Piblik (RPA)
  • Pou mande pou Asistans Piblik (RPA) soumèt fòmilè RPA konplè w yo nan www.floridapa.org/site/rpasubmission.cfm.
  • Kontakte Florida Division of Emergency Management Public Assistance  nan www.floridapa.org oswa rele (805) 815-4400 si w gen kesyon konsènan soumisyon.
  • Dat limit pou konplete RPA a se 14 desanm 2018.


    Prè SBA pou katastwòf yo se yon pati kritik nan pwosesis aplikasyon w lan
  • Pou tout PNP ki ofri sèvis ki pa kritik yo, ki enkli mezon adorasyon yo, FEMA ka bay finansman Asistans Piblik pou depans travay pèmanan ki elijib sèlman si yon prè SBA pou katastwòf pa kouvri yo.
    • Menm jan ak tout enstalasyon PNP ki pa kritik yo selon lalwa, yon mezon adorasyon dwe apike nan SBA pou yon prè katastwòf ki gen enterè ki ba pou travay reparasyon pèmanan.
    • Ale sou sitwèb SBA a nan disasterloan.sba.gov/ela/ oswa kontakte Sant Sèvis Kliyan SBA Apre Katastwòf (SBA Disaster Customer Service Center) nan (800) 659-2955 oswa vizite DRC lokal ou a lè w fè rechèch nan FEMA.gov/DRC.pou trete aplikasyon w lan.
    • FEMA ap bay asistans finansye sèlman si yo refize bay aplikan an yon prè SBA – oswa si prè yo otorize a pa sifizan pou kouvri depans pou reparasyon yo.
       
       
Tags:
Dènye mizajou