Sant Rekiperasyon Dezas ap fèmen nan Boynton Beach, Key West, Marathon

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 128
Release Date:
December 7, 2017

ORLANDO, Fla. – Twa Sant Rekiperasyon Dezas (DRC) pwograme pou fèmen nan Samdi 9 Desanm, nan Boynton Beach, Key West, ak Marathon.

Sant Rekiperasyon Dezas la ofri sipò an-pèson pou moun ak pwopriyetè ti biznis yo. Sivivan ki toujou bezwen èd ka vizite nenpòt  DRC. Yo ka lokalize youn toupre yo lè yo rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362 (Vwa, 711 oswa VS) oswa 800-462-7585 (TTY). Nimewo Liy èd yo ouvè apati 7 a.m. pou rive 11 p.m., sèt jou pa semèn. Ou ka jwenn yon lokalizatè DRC nan https://www.fema.gov/disaster-recovery- centers oswa lè ou itilize FEMA App. Eta Florid pa ofri Food For Florida (Disaster SNAP/D-SNAP) nan DRC yo. Wap jwen yon lis adrès pou Food for Florida disponib sou entènèt nan http://www.dcf.state.fl.us/programs/access/fff/

DRC yo nan adrès ki annaprè a:

 

Boynton Beach (Konte Palm Beach)

Carolyn Sims Center 225 NW 12th Ave.

Boynton Beach, FL 33435 Èdtan: Lendi rive Samdi 9:00 a.m. rive 7:00 p.m.

ADRÈS SA AP FÈMEN 9 DESANM NAN 7:00 P.M.

Key West (Konte Monroe) The 6805 Building

3126 Flagler Ave. Key West, FL 33040

Èdtan: Lendi rive Samdi 9:00 a.m. rive 7:00 p.m.

ADRÈS SA AP FÈMEN 9 DESANM NAN 7:00 P.M.

Marathon (Konte Monroe) Old Bank of America Building 6805 Overseas Highway

Marathon, FL 33050 Èdtan: Lendi rive Samdi 9:00 a.m. rive 7:00 p.m.

ADRÈS SA AP FÈMEN 9 DESANM NAN 7:00 P.M.

Si ou gen telefòn ak/oswa aksè entènèt, ou ka kontakte FEMA nan youn nan fason ki annaprè yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy Èd FEMA nan  800-621-3362 p ou vwa, 711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS). Si ou soud, gen difikilte pou tande, oswa si ou gen yon pwoblèm pou pale e pou itilize yon TTY, rele 800-462-7585.

Ou ka gen lòt bezwen pandan wap vizite yon DRC:

 
  • Si ou gen yon andikap e ou bezwen yon akomodasyon rezonab tanpri wè avèk yon manadjè DRC lè ou rive.
  • Yo ofri tradiksyon lang grasa sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan 200 lang.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak rekiperasyon Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, @FEMARegion4 Twitter account, or the Florida Division of Emergency Management website.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

Tags:
Dènye mizajou