Rete Yon Semenn pou Met Kay, Lokate ansanm ak Biznis an Florid pou yo Aplike pou Asistans pou Desas

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 117
Release Date:
November 17, 2017

Orlando, Fla. - A penn rete yon semenn pou met kay, lokate, ansanm ak met biznis an Florid ki soufri domaj lan propryete yo oswa pet a koz Siklonn Irma pou yo anrejistre e aplike pou asistans federal pou desas.

Dat limit pou anrejistre pou asistans de FEMA e pou aplikasyon pret desas a ba zentere de U.S Small Business Administration (SBA)   Vandredi, 24 Novanm 2017.

Ou ta dwe anrejistre menm si ou genyen asirans. FEMA pa ka diplike peman asirans, men met kay ak lokate ki elijib gen dwa resevwa kob lan men FEMA pou pet ke asirans pa kouvri pou ede peye reparasyon semp lan kay la, asistans lokasyon tanpore e lot bezwen tankou ranplasman propryete pesonel. FEMA Individual Asistans se lajan sibvansyon ke nou pa genyen pou nou remet.

Si ou pa asire oswa ou pa genyen ase asirans, ou gendwa elijib pou yo remet ou kob depans seyye e nesese ke ou fe a koz desas a trave yon pwogram FEMA ki rele Other Needs Assistance:

  • Pet propryete Pesonel;
  • Depans medikal, dantis ak lanteman;
  • Reparasyon/ranplasman transpotasyon;
  • Depans ou pat genyen pou swen timoun oswa si depans sa yo vinn pi che pou wou;
  • Lot depans tankou dezimidifikate oswa si a chenn.

Ou gen dwa anrejistre lan yonn lan faso swivan yo:

  • Sou entenet lan DisasterAssistance.gov.
  • Rele Nimewo Ed FEMA lan 1-800-621-3362 pouw pale, 711 pou Video Relay Service(VRS). Si wou soud, ou pa tande byen, oswa ou genyen pwoblem pale e ou sevi ak yon TTY, rele 800-462-7585. Ed disponib lan ampil lang. Nimewo Ed yo louve de 7 a.m a 11 p.m EST, set jou pa semenn .
  • Enfomasyon an ASL lan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Download FEMA Mobile App e aplike.

Oswa ou gendwa vizite yon Disaster Recovery Center. Yon lis DRC disponib sou FEMA Mobile App, sou entenet lan fema.gov/disaster-recovery-centers oswa ou ka rele Nimewo Ed FEMA.

Genyen spesyalis FEMA lan DRC yo pou reponn kesyon sou kijan pou nou anrejistre pou nou resevwa asistans federal pou desas, explike nou sa kap pase avek aplikasyon no e bay nou konsey sou ki jan pou nou jwenn ed pou domaj ke asirans nou pa kouvri.

Le nou fini anrejistre ak FEMA, nou gendwa aplike pou yon pret a ba zentere pou desas lan SBA. Sevi avek Electronic Loan Application pouw ale sou entenet a trave sit sekirize SBA lan https://disasterloan.sba.gov/ela. Reprezantan SBA disponib tou lan sant rekouvreman desas yo.

Pou plis enfomasyon sou rekouvreman, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 on Twitter epi sou FEMA’s Facebook page.

###

Misyon FEMA se bay sitwayen yo yo, ansanm ak premye sak reponn yo sipo pou asire ke, an tan ke nasyon, nou travay ansanm pou bati, soutni, amelyore capasite preparasyon nou, pwoteksyon kont, reponn a e rekampe sou pye de tout danje.

Asistans rekouvreman pou desas disponib pou tout moun, san ke nou pa gade sou ras, koule, relijyon, nasyonalite, sex, laj, dezabilite, siw pale Anglais byen oswa stati ekonomik. si yo fe diskriminasyon sou wou oswa yon moun ou konen, rele FEMA gratis lan 800-621-FEMA (3362).Pou TTY, rele 800-462-7585.

Asistans tanpore pou kay FEMA ansanm ak sibvansyon pou depans transpo piblik, depans dokte ak dantis ak depans anteman pa oblije nou aplike pou yon pre SBA. Toutfwa, aplikan ki resevwa yon aplikasyon pre SBA oblije soumet li pou li ka elijib pou asistans kap kouvri propryete pesonel, reparasyon oswa chanjman machinn, avek depans stokaj oswa chanje kay.

Tags:
Dènye mizajou