Baze sou la fwa, Kominote, Volonte, ak ONG prive gen dwa elijib pou jwen kob grant lan men FEMA Disaster Grants.

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 028
Release Date:
September 29, 2017

Oganizasyon ki baze sou la fwa, an plis de lot kominote, volonte, ak ONG ki lan zon elijib pou pwogram Asistans Piblik ki fe pati Deklarasyon Prezidansyel Desas Maje pou  Federal Emergency Management Agency’s (FEMA), gen dwa aplike pou grant (lajan gratis) FEMA pou ede yo reprann biznis yo ki se ede lot moun.

Kom yon pati misyon li, FEMA bay grants (lajan gratis) a gouvenman leta, lokal, e teritoryal, ansam ak ceten ONG prive a trave pwogram Asistans Piblic li. Kominote, volonte, oganizasyon ki baze sou la fwa, ak ONG prive kap rann sevis enpotan e esansyel de nati gouvenmantal ki sibi domaj a koz desas gen dwa resevwa grants (lajan gratis) Asistans Piblik(PA) FEMA pou repare ou ranplase biro yo pou yo ka kontinye bay sevis kominote enpotan ak esansyel ke yo tap ran lan.

Kalite oganizasyon ki rann sevis enpotan ki gen dwa kalifye pou grant (lajan gratis) FEMA PA inkli:

  • Lekol prive ki gen klas prime e segonde oswa yon institisyon ki bay edikasyon pi wo;
  • Lopital ansanm ak lot kote ki bay tretman medikal; e
  • Itilites inkli dlo, egou, ak sistem elektrik.

Kalite sevis ki pa enpotan e esansyel ki ka elijib pou grant (lajan gratis) Asistans Piblik inkli:

  • Sant ti granmoun ak sant kominote oswa lot sevis kominote;
  • Pwogram manje;
  • Aktivites anrichisman edikasyonel;
  • Sevis de ke ak gadri;
  • Sevis rezidansyel pou andikape;
  • Kay ti granmoun ak kay moun ki pa fe anpil kob;
  • Shelte pou san zabri ak sevis reyabilitasyon; e
  • Sant pefomans ak atizay kominote.

An plis, le yon oganizasyon, ke se oganizasyon baze sou la fwa, lekol, oswa sant kominote, rann sevis pwotektif an ijans, tankou bay suvivan abri ak manje pou gouvenman leta, lokal, tribi oswa teritoryal, FEMA gen dwa ranbouse tout kob sevis sila yo te koute a gouvenman leta, lokal, tribi, oswa teritoryal. Se pou gouvenman ansanm ak oganizasyon rive a yon ako sou sevis sila yo, menm si ako a fet apre desas, epi gouvenman ap lan yon pozisyon pou yo ranbouse oganizasyon sa-a. 

Baze sou lafwa, Kominite, Volonte, ak ONG Prive -Paj

Oganizasyon ke yap konsidere se oganizasyon ki taks egzante ak IRS oswa Eta kote li ye a. Pou plis enfomasyon sou elijibilite oganizasyon kap rann sevis enpotan e esansyel, ale online sou FEMA.gov e fe referans a Public Assistance Program and Policy Guide.

Oganizasyon ki rann sevis de natu gouvenmantal ki pa enpotan ou eansyel, fet pou aplike pou yon pre desas a ba zentere ak U.S. Small Business Administration (SBA) avan ke yo pran li an konsiderasyon pou PA grant(lajan gratis). Grant (lajan gratis) Asistans Piblik gen dwa bay oganizasyon, ki rann sevis gouvenmantal ki pa empotan ak esansyel, asistans pou kou reparasyon oswa ranplasman ke pre SBA lan pa kouvri.

SBA gen dwa bay jiska $2 million a majorite ONG prive sou fom de pret desas a ba zentere. Pou plis enfomasyon e pou wou aplike pou yon pre SBA, ale online lan sba.gov/disaster oswa voye yon email a disastercustomerservice@sba.gov.  Siw pa ak jwen akse a sit la, rele 800-659-2955. Siw sevi ak TTY, rele 800-877-8339.

Premye pa pou oganizasyon baze sou lafwa, kominote, volonte, oswa ONG prive, gen pou yo fe pou yo jwen grant (lajan gratis) FEMA PA, se soumet yon Request for Public Assistance (RPA)(Demand pou Asistans Piblik) a eta, tribi, oswa teritwa dan espas dat limit la, ki se an general 30 jou apre ke yo deziyen zon lan, byen ke zon lan gendwa vin pi laj. Nou ka jwen enfomasyon a jou sou dat limit RPA sou sit gestyon ijans eta, tribi ou teritwa. Oganizasyon ki baze sou lafwa yo dwe kontakte biro gestyon ijans eta, lokal, tribi oswa teritoryal yo pou plis enfomasyon.

###

Misyon FEMA se bay tout sitoyen ansanm ak premye moun sipo pou asire nou ke kom yon nasyon, nou travay ansanm pou nou bati, soutni e amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere de e bese tout danje.

Swiv FEMA online lan www.fema.gov/blog, www.twitter.com/fema, www.twitter.com/femaspox, www.facebook.com/fema and www.youtube.com/fema. Tou, swiv Administrator Brock Long’s activities lan www.twitter.com/fema_brock.

Link medya sosyal sa yo se pou referans selman. FEMA pa andose anken sit, conpayi oswa aplikasyon non-gouvenmantal.

Tags:
Dènye mizajou