Pinga w rate dat limit enpòtan yo pou resevwa asistans pou rekiperasyon akoz katastwòf la

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 091
Release Date:
November 3, 2017

ORLANDO, Fla. – Ajans Federal pou Jesyon Kadijans lan ap eseye kontakte w pou fè w sonje kèk dat enpòtan ak dat limit pandan w ap kontinye nan rekiperasyon w akoz siklòn Irma a. Pinga w rate okazyon pou resevwa asistans ki ka disponib pou ou paske w te kite yon dat limit pase.

Nou ka pwolonje kèk dat limit, men pa ret tann. Enfòmasyon ki vini aprè a ajou apati 2 novanm. Demann pou asistans piblik (Request for Public Assistance, RPA): Dimanch 5 novanm

FEMA ofri sibvansyon defason pou gouvènman eta, tribal, teritoryal ak lokal yo ak kèk òganizasyon a bi non-likratif ki elijib ka rapidman bay èd pou reponn a efè siklòn Irma a epi rekipere de efè sa yo. Nou ranbouse aplikan ki elijib yo pou depans yo fè ki gen rapò ak katastwòf la pou entèvansyon ijans, anlèvman debri ak travay pèmanan tankou reparasyon oswa ranplasman lekòl, wout, pon ak lòt enfrastrikti piblik. Divizyon pou Jesyon Kadijans nan Florid la mande pou moun fè aplikasyon pou ranbousman nan pwogram sa a pou pita le 5 novanm. Ansuit nou pral voye demann nou te resevwa nan dat sa a bay FEMA nan dat limit FEMA a oswa anvan sa ki se 10 novanm. Jiska jounen jodi a, FDEM nan te resevwa 957 demann pou ranbousman.

Asistans pou chomaj akoz katastwòf: Mèkredi 14 novanm

Ou ka elijib pou resevwa asistans pou chomaj si w vin pap travay akoz siklòn Irma, si w pa elijib pou asirans chomaj nòmal eta a epi w bezwen benefis pou chomaj ak sèvis pou ka rejwenn travay. Dat limit pou aplike pou asistans sa a sou entènèt nan www.floridajobs.org se 14 novanm.

Asistans endividyèl: Vandredi 24 novanm

Endividi yo ka elijib pou asistans nan FEMA pou lwaye, lojman tanporè ak reparasyon kay prensipal yo, ansanm ak lajan pou lòt bezwen grav ki gen rapò ak katastwòf la. Moun ki te lwe kay anvan katastwòf la epi ki te oblije deplase akoz siklòn Irma ka resevwa asistans pou lwaye tou. Dat limit pou aplike pou asistans sa a se 24 novanm. Yo te apwouve prèske $877 milyon pou ede Floridyen yo rekipere, epi yo te resevwa prèske 2,6 milyon anrejistreman.

Fason ki pi rapid pou aplike pou asistans federal se sou entènèt nan www.disasterassistance.gov. Sivivan yo ka aplike tou pa telefòn nan 800-621-3362 (Vwa, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 (TTY). Paske gen anpil moun k ap rele, liy yo ka okipe. Tanpri pran pasyans, epi eseye rele nan maten oswa nan aswè lè pa gen twòp moun k ap rele. Nimewo pou liy asistans FEMA yo 800-621-3362 (Vwa, 711 oswa VRS) oswa 800-462- 7585 (TTY) ouvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m. (ET), sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman.

Prè lajan ak enterè ki pa nan Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration): Vandredi 24 novanm

Apade asirans, Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini se sou prensipal lajan pou rekonstriksyon alontèm pwopriyete prive ki domaje akoz katastwòf la. Si w aplike pou asistans pou katastwòf avèk  FEMA, yo ka rekòmande w nan SBA a pou asistans siplemantè. Dat limit pou bay aplikasyon pou domaj fizik pwopriyete w la atravè SBA a se 24 novanm. Dat limit pou ranpli aplikasyon pou domaj ekonomik atravè SBA a se 11 jen. Aplike sou entènèt nan https://disasterloan.sba.gov/ela

Pwogram pou prete lajan an relè nan kadijans pou Ti Antrepriz nan Florid: Jedi 30 novanm

Pwogram sa a ofri prè lajan akoutèm, san enterè nan montan ki rive jiska $50,000 pou ti antrepriz ki te sibi domaj fizik oswa ekonomik pandan siklòn Irma a. Dat limit pou aplike pou asistans sa a sou entènèt nan www.floridadisasterloan.org se 30 novanm.

Soulajman imedya pou sezi kay: Samdi 9 mas 2018

Depatman Lojman ak Devlopman Iben Ozetazini te akòde yon sispansyon sou sezi kay ak pasyans sou sezi kay pou ipotèk kay Administrasyon Federal pou Lojman an asire nan Florid. Sispansyon sa a ekspire pou sivivan Florid yo le 9 mas 2018.

Asistans pou abri tranzisyonèl

Pwogram pou abri FEMA mete sou pye sa a ka ede w si w paka retounen nan kay prensipal ou te abite anvan katastwòf la paske kay ou a swa inabitab oswa li pa aksesib. TSA ofri sivivan katastwòf yo mwayen pou yo rete nan yon otèl oswa yon motèl pandan yon ti tan. Si w te resevwa asistans sa a, ou bezwen siveye dat pou kite otèl oswa motèl la lè w itilize opsyon sa yo:

  • Ale sou entènèt si w te etabli yon kont nan www.DisasterAssistance.gov
  • Rele liy asistans FEMA (800-621-3362)
  • Tyeke imèl ak mesaj tèks ou pou notifikasyon —si w te enskri pou resevwa yo lè w te anrejistre
  • Vizite yon sant pou retablisman akoz katastwòf epi mande pèsonèl la pou l tyeke dat yo pou ou

Pwogram Asistans pou Nitrisyon Siplemantè akoz katastwòf (Disaster Supplemental Nutrition Assistance Program, D-SNAP)

Si w sibi pèt akoz siklòn Irma, ou ka elijib pou asistans nitrisyon siplemantè atravè yon pwogram Depatman Agrikilti Ozetazini finanse ki rele D-SNAP. Yo konnen pwogram sa a nan Florid sou non Pwogram Asistans Manje pou Katastwòf nan Florid. Aplikasyon inisyal la, lokal yo, dat ak lè yo disponib sou sitwèb Food for Florida a. Jwenn lokal pou konte w la sou sitwèb Manje pou Florid la (Food for Florida, FFF) : www.myflfamilies.com/FFF. Si w pa abite oswa travay nan konte ki gen lokal FFF la, ou ka mande pou ret tann jiskaske youn nan konte w la ouvri. Aplikan ki nan konte ki fèmen yo ka eseye ale nan yon lòt konte, men yo ta dwe atann pou yo wè liy ki byen long ak kantite tan y ap ret tann nan ka long.

Ekstansyon delè degras NFIP pou renouvle polis asirans

Polis asirans pou inondasyon nasyonal ki gen yon dat ekspirasyon 7 out 2017  jiska 6 oktòb 2017 elijib pou yon ekstansyon delè degras. Yo dwe resevwa pèman pou polis asirans sa yo nan yon delè 120 jou aprè ekspirasyon polis asirans lan.  NFIP a paka peye yon reklamasyon pou yon domaj inondasyon ki te rive aprè dat ekspirasyon polis asirans lan amwenske konpayi asirans moun nan resevwa pèman okonplè pou renouvèlman anvan oswa nan dènye jou delè degras la.

Sivivan ki te sibi domaj van ak dlo akoz siklòn Irma epi ki twouve yo gen asirans pou kèk nan domaj yo men pa pou tout, kapab okòmansman pa elijib pou asistans pou katastwòf nan FEMA akoz kouvèti asirans yo genyen.

Sepandan, menm si w te resevwa yon premye refi nan FEMA, ou ka elijib pi devan pou resevwa èd pou bezwen ki poko fin satisfè aprè asirans ou an fin peye reklamasyon w yo si w demontre ou pa t gen ase asirans pou kouvri tout domaj yo. Kontakte konpayi asirans ou an epi mande yon lèt ki detaye egzakteman ki sa ki kouvri nan reklamasyon an.

FEMA paka peye w pou bagay asirans ou an deja peye w pou yo, men li ka ede kote asirans kay epi/oswa asirans inondasyon pa kouvri.

Ou gen jiska 12 mwa apati dat ou aplike nan FEMA pou soumèt dosye règleman asirans ou an pou nou ka egzamine yo. Si règleman asirans ou an te retade pou plis pase 30 jou apati moman ou te fè reklamasyon w lan, ou ka ekri FEMA pou eksplike rezon pou reta a. N ap konsidere nenpòt lajan ou ta resevwa nan men FEMA kòm yon avans epi ou ta dwe remèt lajan sa a lè w jwenn lajan asirans ou an.

Si w te resevwa yon lèt ki fè konnen ou pa elijib, kit se akoz kouvèti asirans ou kit se pou yon lòt rezon, yon ti chanjman rapid ka se sèlman sa w bezwen fè pou chanje sa. Li enpòtan pou li lèt ou a avèk anpil atansyon pou konprann desizyon FEMA a konsa w ap konnen egzakteman sa w bezwen fè.

Anpil fwa aplikan yo senpleman bezwen soumèt kèk ekstra dokiman pou FEMA ka travay sou aplikasyon yo a. Kèk egzanp dokimantasyon ki manke apade lèt règleman asirans ou a se kapab prèv rezidans, prèv ou se pwopriyetè kay ki domaje a, ak prèv ki montre kay ki domaje a se te rezidans prensipal ou lè katastwòf la te rive a.

Si yo te mande w pou fè sa epi w bezwen fè sa, ou ka senpleman soumèt dokimantasyon ki manke yo bay  FEMA sou entènèt nan www.disasterassistance.gov oswa lè w vizite yon Disaster Recovery Center. Yon lis DRC disponib sou FEMA App la oswa lè w rele 800-621-3362.

Pa lapòs:

FEMA – Individuals & Households Program National Processing Service CenterP.O. Box 10055Hyattsville, MD 20782-7055

Pa faks:

800-827-8112

Atansyon: FEMA – Individuals & Households Program

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa suiv nou @FEMARegion4 sou Twitter ak sou paj Facebook FEMA a.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

###

Tags:
Dènye mizajou