Sant pou retablisman akoz katastwòf ki nan konte Collier pral fèmen le 27 septanm a 8 p.m.

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 022
Release Date:
September 25, 2017

ORLANDO, Fla. – Sant pou retablisman akoz katastwòf  (Disaster Recovery Center, DRC) ki nan Immokalee Community Center, 321 N. 1st St. Immokalee, FL 34142 nan konte Collier pral fèmen mèkredi 27 septanm 2017. DRC yo, tankou sa ki fèk mansyone a, se resous pou katastwòf mobil, ki pèmèt ofisyèl federal, eta ak lokal yo kouvri maksimòm zòn ki afekte epi kontakte plis moun posib. 

Sant pou retablisman akoz katastwòf yo ofri sipò an pèsòn pou moun ak ti antrepriz yo. Espesyalis nan zafè retablisman nan Administrasyon Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Administration,  FEMA), Administrasyon ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA), ak eta a, disponib pou bay nenpòt moun asistans pou ranpli aplikasyon yo oswa mete estati yo ajou. Kèk òganizasyon volontè disponib epi yo ofri yon varyete sèvis pou ede sivivan yo retabli yo.

Ofiramezi plis sant ap ouvri, sivivan yo ka chèche DRC ki pi pre yo a lè yo ale sou https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè yo rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Nimewo liy asistans yo ouvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m., sèt jou pa semèn. Enfòmasyon sou DRC disponib tou sou FEMA Mobile App.    

Pwosesis anrejistreman an se premye etap nan retablisman an epi sa mande pou gen enfòmasyon tankou polis asirans, ak enfòmasyon labank pou potansyèl transfè fon dirèk. Yo ankouraje sivivan yo pou yo anrejistre anvan yo al vizite yon DRC.

Si w gen aksè nan telefòn oswa sou entènèt, ou ka anrejistre nan youn nan fason sa yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 pou vwa, 711 ak Video Relay Service (VRS). Si w soud, ou gen difikilte pou tande, oswa ou gen difikilte pou pale epi w sèvi ak yon TTY, rele 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis anrejistreman an disponib nan lang siy ameriken (ASL) nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Gen èd ki disponib nan pifò lang.
  • Telechaje FEMA Mobile App la epi aplike.

Ou ka genyen lòt bezwen pandan w ap vizite yon DRC:

  • Si w bezwen akomodasyon ki rezonab tankou pou sèvis entèprèt nan lang siy ameriken (ASL), bray, enfòmasyon nan gwo karaktè, eksetera, ou ka rele nimewo liy asistans lan pou sipò nan 800-621-3362.
  • Nou ofri sèvis tradiksyon atravè entèpretasyon telefonik nan 200 lang.

Ekip asistans pou sivivan akoz yon katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA) ap pase kay an kay nan zòn ki afekte yo epi yo kapab anrejistre sivivan yo pou asistans FEMA, si sa nesesè. Sèvis entèpretasyon telefonik disponib nan plizyè lang pou ede sivivan yo avèk bezwen yo genyen nan lang. Lè rezidan yo bezwen plis asistans, ekip yo ka refere yo pou yo al nan yon DRC.

Si w deja anrejistre, li pa nesesè pou vizite yon DRC, men ou ka toujou vle al pale avèk yon espesyalis pou retablisman pou mete estati w ajou oswa pou ede w jwenn èd nan men lòt òganizasyon. Ou ka vizite nenpòt DRC ki ouvri pou jwenn èd avèk pwosesis asistans federal pou katastwòf la.

Ou pa bezwen repeye lajan FEMA ba w yo. Ou pap peye taks sou asistans FEMA ba w epi sa pa pral afekte elijiblite w pou Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan yo ta dwe anrejistre menm si yo gen asirans. FEMA paka ba w pèman asirans ou an deja ba w, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd aprè yo fin regle ka yo a.

Pou plis enfòmasyon, vizite fema.gov/hurricane-irma.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

 

Tags:
Dènye mizajou