FEMA Apwouve $14 Milyon pou Lekòl, Cherif nan Konte Lee

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-090
Release Date:
March 23, 2023

LAKE MARY, Fla. – Asistans Piblik FEMA apwouve de sibvansyon pou ranbouse Distri Lekòl Konte Lee ak Cherif Konte Lee pou depans ijans ki lye ak Siklòn Ian.

Yo te apwouve distri lekòl la pou yon sibvansyon $10,069,446. Apre tanpèt 28 Septanm 2022 la, distri lekòl la te fè reparasyon ijans, eliminasyon fisi, retire debri, retire dlo, enspeksyon sekirite ak enstalasyon jeneratè tanporè.

Cherif Konte Lee a te resevwa yon sibvansyon $4,180,612 pou ranbouse depans ki lye ak sekirite pou foul moun, aksè ak kontwòl trafik, barikad, rechèch ak sekou, estabilizasyon do kay, swen medikal, retire debri, distribisyon founiti, ekleraj, sak sab, prela, jeneratè, gaz ak lòt depans.

Asistans Piblik FEMA a te atribye $32.8 milyon (pati federal) pou Konte Lee ak yon total $106 milyon pou tout aplikan ki nan Konte Lee.

Pwogram Asistans Piblik FEMA a founi sibvansyon a gouvènman leta, tribi ak lokal yo, ak sèten òganizasyon prive san bi likratif, ki gen ladan lye adorasyon, pou kominote yo ka byen vit reyaji epi rekipere yo apre gwo katastwòf oswa ijans.

Aplikan yo travay ak FEMA pou devlope pwojè ak kad travay yo. FEMA vèse fon pou pwojè yo nan Divizyon Jesyon Ijans Florid (Florida Division of Emergency Management, FDEM) apre apwobasyon final la. Depi yon pwojè fin finase, FDEM travay kole kole ak aplikan yo pou konplete pwosesis sibvansyon an epi kòmanse fè peman yo. FDEM gen pwosedi anplas ki fèt pou asire sibvansyon yo bay kominote lokal yo pi vit posib.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou