Asistans FEMA Ka Disponib pou Atik ke Siklòn Ian andomaje

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-086
Release Date:
February 16, 2023

LAKE MARY, Fla. – Nan Konte Lee, yon lokatè te aplike nan FEMA apre siklòn Ian, li te rapòte ke kay li ak pwopriyete pèsonèl li te andomaje nan inondasyon an. Li te rapòte tou yon bezwen, aprè dezas la, pou depans medikal ke li pa t gen asirans pou yo.

Yon enspektè FEMA te verifye ke kay li pa t abite akòz inondasyon an. FEMA te detèmine ke li satisfè tout kritè kalifikasyon yo pou divès kategori asistans: elijib pou premye asistans pou lokasyon, asistans medikal ak asistans finansye pou pwopriyete pèsonèl esansyèl ak aparèy ki te andomaje nan inondasyon an. Madam nan te resevwa yon total $19,280 nan asistans federal nan men FEMA.

Nan Konte Seminole, yon lokatè rapòte domaj nan kay la ak domaj pwopriyete pèsonèl, ki pa gen okenn asirans pwopriyete pèsonèl. Yon enspeksyon FEMA te verifye ke kay la pa t abite akòz lapli ak van. FEMA te detèmine ke li te satisfè tout kritè elijiblite yo epi li te kalifye pou premye asistans pou lokasyon ak asistans pou domaj dezas ki te koze nan pwopriyete pèsonèl esansyèl ak aparèy yo. Li te resevwa $16,199.

Aplikan sa yo se pami 364,000 fanmi nan Eta Florid ki te resevwa asistans federal nan kad pwogram FEMA a pou endividyèl ak fwaye (Individuals and Households Program Other Needs Assistance, ONA). Asistans ki disponib anba dispozisyon ONA a gen ladann asistans pou transpò, medikal ak dantè, gadri, fineray, demenajman ak depo, bezwen kritik ak lòt depans pre-apwouve ki ka pa kouvri pa asirans oswa lòt sous.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre siklòn Ian ak Nicole, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou