Mete ajou enfòmasyon pou kontak pou w rete an kontak ak FEMA

Release Date Release Number
DR-4673/4680-FL NR-084
Release Date:
February 14, 2023

LAKE MARY, Fla. – Aplikan pou asistans FEMA apre Siklòn Ian ak Siklòn Nicole ta dwe asire ke FEMA gen enfòmasyon kontak aktyèl yo. FEMA ka bezwen kontakte aplikan yo pou plis enfòmasyon oswa pou fè aranjman pou yon enspeksyon kay pou verifye domaj.

Si yo refere w pou yon enspeksyon FEMA epi w ap tann depi twa semèn oswa plis, kontakte FEMA pou w tcheke sitiyasyon aplikasyon w lan. Si enfòmasyon kontak ou a chanje, ou ta dwe mete ajou aplikasyon FEMA ou a imedyatman.

Pou mete enfòmasyon w yo ajou, ou ka kreye yon kont sou DisasterAssistance.gov epi klike sou ikòn vèt ki gen tit “Tcheke Estati,” epi suiv enstriksyon yo pou kreye yon kont oswa jwenn aksè nan kont ou, rele 800-621-3362 soti 7 a.m. rive 11 p.m. ET oswa vizite yon Sant Sekou pou Dezas. Pou jwenn yon sant ki tou pre ou ekri “DRC” ak kòd postal ou voye bay 43362 oswa ale sou fema.gov/drc.

Aplikan yo ta dwe mete FEMA ajou konsènan chanjman nan asirans, sitiyasyon lojman aktyèl, nimewo telefòn, adrès postal ak preferans peman ou. Enfòmasyon ki manke oswa gen move enfòmasyon ka retade asistans finansye ke ou ka elijib pou resevwa a. Lè w ap kontakte FEMA, al gade nan nimewo nèf chif yo te ba w lè w te aplike a.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian ak Nicole, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/disaster/4673 or fema.gov/disaster/4680. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou