COLUMBIA, S.C. – Dat limit pou aplike pou asistans federal pase pou pwopriyetè ak lokatè nan konte Charleston, Georgetown ak Horry ki gen pwopriyete yo andomaje apre Siklòn Ian. Nan yon ka ra, ou gendwa kalifye pou soumèt yon aplikasyon FEMA anreta.
KALIFIKASYON POU APLIKASYON ANRETA
FEMA ap aksepte aplikasyon anreta si sikonstans ekstrawòdinè anpeche w aplike anvan dat limit 23 janvye a. Rezidan ki enterese nan youn nan konte ki te sibi enpak yo ki pa t aplike epi ki ka voye dokiman ki annapre yo ka toujou aplike:
- Yon lèt esplikasyon siyen; AK
- Dokiman sipò a konfime byen klè poukisa w pa t ka aplike pandan peryòd aplikasyon an. Sa genyen ladann:
- Dosye ospitalizasyon, maladi, oswa andikap kandida an oswa yon manm fanmi imedya;
- Dat yon manm fanmi imedya;
- Prèv vwayaj pèsonèl oswa biznis ki te pèmèt ke kandida a rete andeyò zòn nan pandan tout peryòd aplikasyon an, OSWA,
- Prèv sikonstans espesifik ki gen rapò inik ak dezas la
PWOSESIS APLIKASYON ANRETA
Ou genyen 60 jou apati 23 janvye 2023, dat limit aplikasyon FEMA a, pou w ranpli yon aplikasyon anreta. Genyen plizyè fason ke w ka soumèt yon aplikasyon anreta pou asistans dezas FEMA:
- Aplike sou entènèt sou www.DisasterAssistance.gov
- Telechaje ak sèvi ak FEMA mobile app pou aplike
- Rele Ling Asistans FEMA a nan 800-621-3362 pou aplike
- Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Ling asistans lan ouvri sèt jou pa semèn, soti 7è a.m. rive 11è p.m. Peze 2 pou Panyòl oswa 3 pou yon entèprèt ki pale lang ou an.
VOYE LI PA LAPÒS, FAKS OSWA SOUMÈT DOKIMAN APLIKASYON ANRETA W LA
Ou dwe soumèt dokiman apwopriye pou sipòte ak jistifye rezon pou reta a nan entèval 60 jou apati dat ou te dwe soumèt aplikasyon ki anreta a. Asire w ke w siyen ak mete dat sou dokiman w yo. Mete ladann nimewo aplikasyon nèf chif FEM a, nimewo dezas la (DR-4677-SC) sou tout dokiman sipò yo.
- Voye lapòs bay: Sant Sèvis Tretman Nasyonal FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-8055; OSWA
- Faks: 800-827-8112 Attention: FEMA
Somèt dokiman: Yon fason fasil pou bay enfòmasyon anplis se kreye yon kont anliy epi soumèt dokiman yo ladann. Pou òganize oswa soumèt dokiman, ale sou DisasterAssistance.gov, klike sou "Check Your Application and Log In," (Tcheke Aplikasyon W Lan ak Konekte) epi swiv enstriksyon yo. Asire w ke w siyen ak mete dat sou kontestasyon w lan. Mete ladann nimewo aplikasyon nèf chif FEM a, nimewo dezas la (DR-4677-SC) ak dokiman pou sipòte kontestasyon w lan.
ASISTANS KI PA FEDERAL DISPONIB
Òganizasyon san pwofi lokal ak òganizasyon prive gendwa kapab ofri asistans anplis si w pa kalifye pou asistans federal oswa si w pa t resevwa ase asistans pou kouvri depans ki gen rapò ak dezas la. The United Way Association of South Carolina ap ede konekte sivivan ak resous ki pral ede yo ak pwosesis rekiperasyon an.
Ou ka rele 2-1-1 si w bezwen èd ak
- Gadri
- Anplwa
- Manje
- Swen Sante
- Lojman
- Asirans
- Transpò, ak
- Lòt bezwen bazik
Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Kawolin di Sid de Siklòn Ian, vizite FEMA.gov/disaster/4677. Ou gendwa tou swiv twitter.com/SCEMD; facebook.com/SCEMD/; @FEMARegion4/Twitter ak Facebook.com/FEMA.