Enskripsyon pou Asistans Federal FEMA ap Fèmen nan De Semèn

Release Date Release Number
010
Release Date:
January 7, 2023

COLUMBIA, S.C. – Pwopriyetè ak lokatè nan konte Charleston, Georgetown ak Horry ki gen pwopriyete yo andomaje apre Siklòn Ian genyen jiska lendi 23 janvye pou aplike pou asistans dezas federal.

Asistans FEMA gendwa ede w ak sibvansyon pou lojman tanporè ak reparasyon kay an ijans pou rann kay ou an sekirite, aksesib ak sekirize. Ou ta dwe ranpli yon reklamasyon ak asirans pwopriyetè w la avan w aplike pou asistans FEMA. FEMA pa kapab fè peman asirans de fwa. Sepandan, ou gendwa resevwa asistans pou pèt ki pa asire oswa ki pa gen ase asirans.

Menm si w aplike ak yon lòt ajans oswa òganizasyon, ou dwe enskri ak FEMA pou gen aksè ak sibvansyon federal ak Administrasyon Ti Biznis Etazini (Small Business Administration s, SBA) sou lontèm, prè dezas a enterè fèb.

Pou enskri pou Asistans:

  • Ale sou DisasterAssistance.gov
  • Sèvi ak FEMA mobile app
  • Rele Ling Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Operatè ling asistans lan pale anpil lang e ling yo ouvri soti 7è a.m. rive 2è a.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou yon entèprèt ki pale lang ou an.
  • Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike, ale sou youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw

Soumèt yon aplikasyon prè SBA se yon etap nesesè pou yo konsidere w pou lòt fòm asistans dezas FEMA.

Pou aplike pou yon prè SBA:

  • Itilize sitwèb sekirize SBA a https://disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/
  • Mande yon aplikasyon papye pou aplike pa lapòs Etazini pandan w ap rele ling sèvis kliyan SBA a nan 800-659-2955
  • Ou gendwa tou voye yon imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov oswa rele 800-659-2955 pou asistans sou aplikasyon ak plis enfòmasyon sou pwogram asistans dezas SBA a Endividi ki soud oswa ki gen difikilte tande gendwa rele 800-877-8339.
  • Dat limit SBA pou pwopriyetè ak lokatè ke Ian te andomaje pwopriyete yo retounen aplikasyon prè yo se vandredi 20 jan.
Tags:
Dènye mizajou