Sant Rekiperasyon apre Katastwòf mobil ap kanpe nan Konte Osceola

Release Date Release Number
054
Release Date:
November 14, 2022

BRANDON, Fla. – Yon Sant Rekiperasyon pare Katastwòf mobil ki jere pa FEMA ak Eta Florid ap kanpe nan Konte Osceola.

Dat ak anplasman yo se:

Lendi 14 novanm jiska mèkredi 16 novanm nan:

Buenaventura Lakes Library, 405 Buenaventura Boulevard, Kissimmee, Florida 34743

Vandredi 18 novanm jiska dimanch 20 novanm nan:

 

Veterans Memorial Library-St. Cloud Branch, 810 13th Street, Saint Cloud, Florida 34769

 

Lendi 28 novanm jiska jedi 1ye desanm nan:

Poinciana Library, 101 North Doverplum Avenue, Kissimmee, Florida 34758

Orè pou sant sa yo ap 9 a.m. pou rive 6 p.m. chak jou.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S.Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen plizyè Sant Rekiperasyon apre Katastwòf k ap fonksyone nan tout zòn ki afekte a. Pou w jwenn yon sant ki toupre w, ale anliy sou: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa ou ka voye tèks DRC ansanm ak Kòd Postal ou a nan 43362.

Kounye a, tout sant yo ap fonksyone sèt jou pa semèn, lè yo ka varye. Pa gen randevou nesesè pou ou jwenn asistans.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou ou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou ou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre siklòn Ian, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA Region 4(@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou