Twa Sant Rekiperasyon Dezas Ouvè nan Konte Lee

Release Date Release Number
048
Release Date:
November 7, 2022

BRANDON, Fla. – FEMA ak eta Florid ap ouvri twa nouvo Sant Rekiperasyon Dezas nan Konte Lee.

Nouvo sant yo ap ouvri Dimanch 6 Novanm nan kote sa yo:

Beach Baptist Church
130 Connecticut St, Fort Myers Beach, Fl. 33931

Pine Island - Phillips Community Park
5675 Sesame Dr, Bokeelia, FL 33922

Sanibel Community Church
1740 Periwinkle Way, Sanibel, FL 33957

Orè pou sant sa yo pral depi 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen plizyè Sant Rekiperasyon Dezas k ap fonksyone nan tout konte Florid yo deziyen yo. Pou jwenn yon sant ki toupre w, ale anliy sou: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa ekri DRC ansanm ak Kòd Postal ou a nan 43362.

Kounye a, tout sant yo ap fonksyone sèt jou pa semèn, lè yo ka varye. Pa gen randevou nesesè pou ou jwenn asistans.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Anplis de sant yo, ekip Asistans pou Sivivan Katastwòf (DSA) FEMA yo ap chèche katye nan zòn ki afekte nan Siklòn Ian pou ede rezidan yo aplike pou asistans FEMA epi reponn kesyon sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre dezas.

Tags:
Dènye mizajou