Glades, Pasco Kalifye pou Asistans Endividyèl FEMA

Release Date Release Number
026
Release Date:
October 15, 2022

TALLAHASSEE – Pwopriyetè ak lokatè nan konte Glades Pasco yo kalifye kounye a pou aplike pou Asistans Endividyèl FEMA pou ete yo retabli apre Siklòn Ian.

Epitou, konte Glades ak Okeechobee gen apwobasyon pou jwenn Èd Piblik pou ranmase debri epi pou repare oswa ranplase enstalasyon piblik ki andomaje akoz katastwòf la. Yo te deja apwouve konte a pou mezi pwoteksyon ijans.

Pou fè demann èd FEMA apre katatwòf, ale anliy sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon FEMA  a pou esmatfòn oswa rele 800-621-3362. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Liy ou ouvri soti 7 a.m. pou rive
11 p.m. nan lè lokal, sèt (7) jou pa semèn.

Si ou gen asirans antanke pwopriyetè, lokatè, oswa yon asirans kont inondasyon, ou dwe fè yon reklamasyon kou
sa posib. FEMA pa kapab bay benefis anplis pou bagay ki pèdi ki anba yon kouvèti asirans. Si polis asirans nou a
pa kouvri tout depans ki gen pou wè ak sitiyasyon katastwòf la, nou kapab vin kalifye pou asistans federal.

Asistans pou sitiyasyon katastwòf la kapab genyen ladan li èd finansye ki vin ansanm ak lojman tanporè epi reparasyon nan kay, ansanm ak lòt depans ki gen pou wè ak moman katastwòf la.

Tags:
Dènye mizajou