Sant Rekiperasyon Dezas Ouvri nan Konte Lee

Release Date Release Number
NR 007
Release Date:
October 5, 2022

TALLAHASSEEEta Florid ak FEMA ap opere yon Sant Rekiperasyon Dezas (Disaster Recovery Center, DRC) nan Konte Lee.

Lokal:

Lakes Regional Library

15290 Bass Road

Fort Myers, FL 33919

Orè operasyon: 9è a.m. rive 6è p.m. 7 jou pa semèn.

Sant Rekiperasyon Dezas ofri sivivan dezas yo enfòmasyon sou ajans eta Florid, FEMA, ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Sivivan yo gendwa jwenn èd nan aplikasyon pou asistans federal, aprann sou kalite asistans ki disponib, aprann sou pwosesis kontestasyon an ak jwenn mizajou sou aplikasyon yo.

Anplis de vizite yon sant, ou ka aplike tou sou entènèt sou diasterassistance.gov, ak aplikasyon mobil FEMA oswa rele 800-621-3362, 7è a.m. rive 11è p.m. ET chak jou. Èd disponib nan pifò lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a.

Sant Rekiperasyon Dezas aksesib ak tout moun ki genyen andikap. Yo genyen ekipman teknoloji asistans k ap pèmèt sivivan dezas yo fè echanj ak anplwaye yo. Entèpretasyon Videyo a Distans disponib ak lang siy an pèsòn disponib sou demann. Sant yo gen pakin, ranp, ak twalèt aksesib.

Asistans Endividyèl FEMA ka ede w ak depans lojman tanporè, reparasyon kay bazik ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak dezas.

Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike pou asistans ale sou, FEMA Accessible: Kòman pou w Enskri ak Asistans Sivivan Dezas - YouTube.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon de Siklòn Ian nan Florid, vizite fema.gov/disaster/4673 and  floridadisaster.org/. Swiv nou sou Twitter: @FLSERT and @FEMARegion4.

 

Tags:
Dènye mizajou