Montre w Veyatif ak Fwod Apre Dezas la

Release Date Release Number
NR 004
Release Date:
October 1, 2022

ATLANTA – Sivivan dezas yo ta dwe okouran magouyè, malfektè ak kriminèl k ap eseye jwenn lajan oswa vòlè enfòmasyon pèsonèl ak fwod oswa vòl idantite apre yon dezas. Nan kèlke ka, vòlè yo gendwa eseye aplike pou asistans FEMA ak non, adrès ak nimewo Sekirite Sosyal sivivan yo te vòlè.

Si yon Enspektè FEMA viti lakay ou epi w pa t soumèt yon aplikasyon FEMA, yo gendwa te sèvi ak enfòmasyon w san w pa t konnen pou kreye yon aplikasyon FEMA. Si se sa, tanpri enfòme enspektè a ke w pa t aplike pou asistans FEMAA yon fason pou yo ka soumèt yon demann pou kanpe tout pwosesis tretman aplikasyon an.

Si w pa t aplike pou w resevwa aistans men w resevwa yon lòt nan men FEMA, tanpri rele Ling èd FEMA nan 800-621-3362. Ling èd la pral soumèt yon demann pou kanpe nenpòt trètman sou aplikasyon sa a.

Si w swete aplike pou asistans FEMA apre w fin kanpe yon aplikasyon ki te fèt nan non w san w pa konnen, Ling èd la pral ede w kreye yon aplikasyon tou nèf.

Magouy

Ekip Asistans Sivivan Dezas FEMA, enspektè kay ak lòt ofisyèl pral travay nan zòn ke Siklòn Ian afekte yo nan Florid. Yo pote badj idantifikasyon ofisyèl ki genyen foto Idantite. FEMA ak reprezantasyon Administrasyon Ti Biznis Etazini pa janm chaje kandida pou asistans dezas, enspeksyon oswa èd pou ranpli aplikasyon yo.

Pa kwè pèsonn ki pwomèt yon sibvansyon dezas men fòk ou peye pou sa.

Montre w pridan parapò ak apèl sanzatann oswa vizit moun ki di se enspektè FEMA yo ye oswa moun ki di y ap travay pou FEMA. Reprezantan FEMA yo ap genyen nimewo aplikasyon FEMA w la.

Pa bay yon moun ki di li se enspektè kay FEMA enfòmasyon kont bank ou. Enspektè FEMA yo pa janm gen otorizasyon ranmase enfòmasyon finansye pèsonèl ou.

Si w kwè w se viktim yon magouy, rapòte sa imedyatman bay lapolis oswa cherif depatman an oswa kontakte Biwo Pwokirè Jeneral la pou sa rele 1-866-9-NO-SCAM (1-866-966-7226) oswa vizite myfloridalegal.com. Pou depoze yon plent fwod, ale sou entènèt sou Plent Fwod (myfloridalegal.com).

Si w sispèk yon aktivite magouy ki enplike FEMA, ou ka rapòte li bay Depatman Fwod FEMA a nan:  StopFEMAFraud@fema.dhs.gov, faks: (202) 212-4926 oswa ekri nan: Divizyon Fwod ak Envestigasyon Entèn FEMA, 400 C Street SW Mail Stop 3005, Washington, DC 20472-3005.

Si w sispèk yon vòl idantite, tanpri vizite Vòl Idantite | FTC Consumer Information oswa IdentityTheft.gov.

Pou enfòmasyon rekiperasyon de Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA sou Twitter sou FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter epi sou facebook.com/fema.

###

Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo.

Tags:
Dènye mizajou