Konte Oranje, Osceola, Polk ak Seminole Kalifye pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
002
Release Date:
September 30, 2022

ATLANTA Konte Oranje, Osceola, Polk ak Seminole Kalifye pou Asistans FEMA apre Siklòn Ian Ian.

Endividi ak fwaye nan konte Orange, Osceola, Polk ak Seminole ka aplike pou Asistans Endividyèl FEMA, ki gendwa genyen ladann lojman tanporè, reparasyon bazik kay ak lòt bezwen ki gen rapò ak dezas ki pa repare.

Konte sa yo rejwenn konte Charlotte, Collier, DeSoto, Hardee, Hilsborough, Lee, Manatee, Pinellas ak Sarasota, ke yo te apwouve anvan sa pou Asistans Endividyèl.

Sivivan yo ka aplike pou asistans dezas nan www.disasterassistance.gov, rele nan 800-621-3362 soti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè Lès, oswa itilize  aplikasyon mobil FEMA. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a.

Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike pou asistans ale sou, youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw.

Pou enfòmasyon sou rekiperasyon Florid de Siklòn Ian, vizite fema.gov/disaster/hurricane-ian. Swiv FEMA sou Twitter sou FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter epi sou facebook.com/fema.

###

Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo.

Tags:
Dènye mizajou