Pwojè a gen pou objektif ranfòse kapasite rezistans Paviyon Walter I.M. Hodge la fas ak tanpèt yo k ap rive

Release Date Release Number
193
Release Date:
May 12, 2022

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yoPatenarya Teritwa a ansanm ak FEMA kontinye avanse nan inisyativ ki pran pou gen asirans kominote lojman piblik yo ap gen mwayen pou diminye risk yo yon fason pou lojman yo ka plis an sekirite pou fanmi yo epi pou yo ka pi byen reziste ak tanpèt k ap rive yo. kounye a, Otorite ki responsab lojman sou Zile Vyèj yo kapab kontinye pwojè yo genyen pou ranfòse twati, pòt, ak fenèt yo nan konplèks lojman Frederiksted la, grasa apwobasyon FEMA pou yon montan 24.4 milyon dola pou dezyèm faz nan yon pwojè renovasyon ewolyèn nan Paviyon Walter I.M. Hodge nan.

Grasa pwogram sibvansyon pou diminye risk yo nan FEMA, angajman 24.4 milyon dola a pase ak 25,3 milyon dola pou total finansman ki atribye nan pwojè renovasyon ewolyèn nan. An 2021, yon montan 835,903 dola te atribye pou premye faz renovasyon ewolyèn nan Paviyon Hodge la pou finanse etid ak konsepsyon pwojè a.

Pwojè renovasyon ewolyèn nan Paviyon Hodge la se yon etap enpòtan nan devlope kapasite rezistans kominote lojman piblik yo sou Zile Vyèj Ameriken yo.  Yo pral enstale fenèt ak pòt ki ka reziste ak siklòn nan 20 apatman, batiman pou biwo ak sant kominotè pou lojman. 

Pwojè a gen ladan enstalasyon sistèm fenèt ki ka reziste ak siklòn, mete pòt ki ka reziste ak van nan tout pòtay pou antre nan batiman an ak nan magazen yo, renovasyon ak pwoteksyon twati yo, renovasyon chemen pou chaj ki kontinye ak ranfòsman ekipman elektirik, mekanik, goutyè nan tiyo k ap pote dlo desann yo, ansanm ak lòt ekipman ki deyò. 

Pwojè renovasyon ewolyèn nan pral pèmèt responsab lojman an pi byen pwoteje moun k ap viv sou Zile Vyèj Ameriken yo, e sitou moun k ap viv nan oswa toupre Paviyon Hodge la. 

"Nou kontan pou soutni objektif Teritwa a genyen pou ranfòse kapasite rezistans kominote lojman piblik yo sou Zile Vyèj Ameriken an yo. Plan Responsab lojman yo gen ladan ranfòse fenèt yo, pòt yo ak twati yo nan Paviyon Hodge la, sa pral fè kay yo vin pi an sekirite pou fanmi yo pandan tanpèt k ap vini yo," se sa Kristen A. Hodge, direktè pou rekonstriksyon sou Zile Vyèj Ameriken yo te deklare. "N ap tann ak enpasyans renovasyon jeneral Paviyon Hodge la epi sipòte renovasyon lojman piblik yo sou tout teritwa a," Se sa Hodge te deklare. 

"Pwogram sibvansyon pou diminye risk yo jwe yon wòl enpòtan nan efò k ap fèt pou pi byen rekonstwi teritwa a. Ekip ki responsab pou limite risk yo te debloke $137 milyon dola pou gen asirans enfrastrikti ki nesesè tankou lojman kominotè nou yo konstwi yon fason pou yo reziste ak pwochen evènman meteyowolojik yo," se sa Adrienne L. Williams-Octalien, Direktè pou rekonstriksyon apre yon katastwòf, te deklare.

Otorite pou lojman sou Zile Vyèj yo kontan paske FEMA apwouve yon sòm 25 milyon dola pou renovasyon ewolyèn. Finansman sa a se dènye pati nan yon pwojè konplèks ki gen 116 milyon dola sektè piblik ak prive yo finanse ki pral fasilite yon restorasyon global k ap pèmèt yo rele, avèk fyète ak diyite, 248 fanmi nan St. Croix, nouvo kominote Walter I.M. Hodge la - "KAY" yo, se sa Robert Graham, Direktè egzekitif Otorite Lojman sou Zile Vyèj yo, te deklare. "Fanmi nou yo pral abite nan apatman ki byen renove nan 22 batiman pandan yon peryòd 27 mwa, k ap fini an 2024. Grasa finansman FEMA bay la, fanmi nou yo pral an sekirite nan yon kominote modèn, solid epi ki ka fè fas ak siklòn. Sitwayen nou yo pral patisipe tou nan yon nouvo modèl distribisyon sèvis pou rezidan ki ankouraje lajistis, edikasyon ak viv byen nan fwaye yo."

Apati 11 me 2022, FEMA te envesti 137 milyon dola nan pwojè Pwogram Sibvansyon pou Diminye Risk sou Teritwa a depi sou siklòn Irma ak Maria. Piske patenarya ki egziste ant FEMA ak Teritwa a ap kontinye, sa pral pèmèt Teritwa a konstwi yon fason ki pi entelijan e ki pi solid, epi sa ap pèmèt kominote lojman piblik yo reziste ak siklòn k ap vini yo.

Tags:
Dènye mizajou