Semèn pou preparasyon siklòn yo mande pou nou egzamine plan nou, rete veyatif epi enfòme

Release Date Release Number
5
Release Date:
May 3, 2022

ST. CROIX, U.S. Virgin Islands (Zile Vyèj Ameriken yo) –- Jodi a se pi bon jou pou ou menm ansanm ak fanmi w kòmanse fè preparasyon pou sezon siklòn ki pral rive nan Atlantik la. Pandan semèn nasyonal preparasyon pou siklòn yo, gade pou w wè pèsonèlman nan ki degre w riske, aplike plan kominikasyon ijans pou fanmi w lan, kòmanse renouvle kit pou ijans ou a epi egzamine plan pou asirans ou yo.

Sezon siklòn nan pral kòmanse soti 1ye jen pou rive 30 novanm, men pinga w tann jiskaske pa gen pwovizyon, manje ak dlo nan reyon makèt yo, pou gen gwo liy nan ponp gaz yo, pou pa gen kòb nan ATM yo lè yon siklòn pral rive nan Atlantik la pou w fè mizajou nan plan ijans ou yo.

Se kounye a pou w prepare w pandan syèl la ble a.

FEMA ak patnè li yo ki nan Zile Vyèj Ameriken yo (U.S. Virgin Islands) pare pou teste kapasite yo genyen pou yo fè fas ak siklòn, epi yo pral fè yon seri egzèsis pou entèvni pandan prentan sa a ak pandan tout ete a. "Pandan tout ane a n ap konsantre nou sou preparasyon pou siklòn, e nou pare pou pwochen sezon siklòn nan Atlantik la. Teritwa a pral jwenn sipò nan men FEMA si l mande resous federal pou l ka prepare l epi pou l reyaji", se sa Mark A. Walters kowòdinatè nan biwo zòn Karayib yo ak nan Zile Vyèj yo te deklare. " Nou mande moun ki abite sou zile Vyèj yo pou yo montre yo vijilan nan prepare fanmi yo, kominote yo a ansanm ak biznis yo genyen yo pou sezon siklòn yo. Yon sèl siklòn ka deklannche yon ktastwòf," se sa Walters te di.

"Lè nou etabli epi kenbe bonjan patenarya avèk ajans gouvènmantal federal, leta ak lokal yo, epi ansanm ak sektè prive a, VITEMA bay garanti teritwa a gen kapasite pou l restore rapidman apre ni gwo ni ti katastwòf, lè n evalye epi diminye risk yo, lè n amelyore preparasyon yo, lè n garanti yon repons ki efikas, lè n ranfòse kapasite nou genyen pou n retabli yo," se sa Daryl Jaschen, Direktè Ajans teritoryal k ap jere ijans sou Zile Vyèj yo, te deklare.

"Jesyon ijans yo se responsablite tout moun: gouvènman an pa kapab, poukont li, ranfòse yon fason ki efikas kapasite pou reziste ak katastwòf yo. Moun yo, fanmi yo ansanm ak kominote yo dwe fè efò pou diminye risk yo, pou tèt yo ansanm ak kominote yo genyen yo pou rive fè fas ak katastwòf yo, pou mete sou pye asosyasyon lokal ki pral ede ajans gouvènmantal yo pou yo fè fas ak katastwòf yo, epi pou yo pran swen moun ki viktim nan katastwòf sa yo," se sa Jaschen te deklare.

Gen desizyon w ka pran depi kounye a pou w ka gen asirans ou menm ansanm ak fanmi w fè bonjan preparasyon pou sizoka ta gen ijans.

  • Gen asirans chak moun lakay ou konnen epi konprann plan ijans ou a pou sizoka gen siklòn. Pale sou dènye rekòmandasyon pou COVID-19 yo nan Depatman Sante sou Zile Vyèj yo ak sou fason sa ka gen efè sou preparasyon w yo pou sizoka gen siklòn. Pa bliye pote yon plan nan biwo a, nan gadri timoun yo ak tout kote w prale.
  • Idantifye tout lòt sipò ki nesesè pou sizoka gen ijans si ou menm oswa yon moun lakay ou se yon moun ki aje oswa ki gen yon andikap, ki gen pwoblèm aksè oswa ki gen bezwen fonksyonèl. Depatman Sèvis Imèn sou Zile Vyèj yo’Rejis katastwòf yo pou moun aje, granmoun ki sou kont moun ak moun ki andikape yo ouvè pou moun ki abite sou Zile Vyèj yo ki gen 60 tan ak plis, ansanm ak pou moun ki andikape yo.
    • Pou enskri, rele nan nimewo 340-774-0930, ekstansyon. 4018 nan St Thomas, 340-776-6334 nan St John ak 340-773-6630 nan St Croix. Ou ka telechaje epi ranpli yon fòmilè pou enskripsyon nan www.dhs.gov.vi  .
  • Chèche gen plizyè fason pou w jwenn avètisman. Anrejistre pou Alert VIpou w jwenn alèt pou ijans sou Zile Vyèj Ameriken yo. Telechaje aplikasyon FEMA app sou telefòn entelijan w nan epi resevwa alèt nan tan reyèl nan Sèvis meteyowoloji nasyonal (National Weather Service) pou jiska senk alèt maksimòm nan tout peyi a. Tcheke paramèt sou telefòn mobil ou pou w gen asirans ou ka resevwa  Alèt Ijans San Fil, ki pa mande okenn enskripsyon.
    • Chèche gen yon posiblite rechaj ijans pou telefòn ou ak lòt aparèy ou yo.
  • Pwoteje moun lakay ou yo kont siklòn! Debouche kanalizasyon ak goutyè yo, panse ak rido ki kont siklòn epi kite plas nan kay la pou w mete mèb ki te deyò yo anndan pandan siklòn nan.
  • Konnen nan ki wout n ap pase pou nou soti, fè pratik ansanm ak moun ki lakay ou ak animal domestik yo, epi idantifye ki kote ou pral rete pandan yon siklòn. Swiv enstriksyon ajans teritiryal yo ki pral ba w dènye konsiy yo selon malè ki pandye sou tèt kominote w la ansanm ak dispozisyon pou sekirite.
  • Asire w kontra asirans ou yo ak dokiman pèsonèl ou yo, tankou pyès idantite yo ajou. Fè kopi epi konsève yo nan yon espas nimerik ki an sekirite epi pwoteje yo ak yon modpas. Ou ka gen bezwen dokiman w yo pou w mande epi resevwa èd apre yon katastwòf.
  • Prevwa ase pwovizyon pou moun lakay ou, sa gen ladan medikaman, pwodui dezenfektan, mask, pwovizyon pou animal domestik yo nan sak vwayaj ou oswa nan kòf machin ou. Apre yon siklòn, ou ka pa ka jwenn materyèl sa yo pandan plizyè jou oubyen menm plizyè semèn.
    • Renouvle pwodui ki nan kit ijans ou a epi ranplase pwodui ki ekspire yo si nesesè.

Vizite www.ready.gov/hurricanes oswa www.ready.gov/es/huracanes pou plis enfòmasyon sou ki jan pou w prepare pou siklòn, rete an sekirite pandan yon siklòn epi retounen lakay nou apre yon siklòn. Egzamine tèm semèn preparasyon pou siklòn yo, tankou fason pou w fè verifye yon asirans epi pou w ranfòse kay ou, nanwww.weather.gov/wrn/hurricane-preparedness , epi swiv www.vitema.vi.gov pou w jwenn enfòmasyon sou evènman lokal yo ak sou preparasyon kominote yo.

Tags:
Dènye mizajou