W ap tann Repons sou Aplikasyon nan FEMA w la? Fè swivi avèk FEMA

Release Date Release Number
NR-041
Release Date:
December 21, 2021

BATON ROUGE, La.Si ou potko resevwa yon peman oswa ou te fè swivi pou lèt desizyon FEMA w la, gen yon bagay ou kapab fè pou avanse ak pwosesis la: rele nou, vizite nou sou entènèt la, itilize aplikasyon FEMA a - pa rete tann sèlman. FEMA ka anmezi pou ede!

Premyeman, li lèt desizyon FEMA w la ankò ak atansyon. Li pale ou de premye desizyon FEMA a epi li di ou ki aksyon ki ka nesesè pou chanje desizyon sa.

Sa ki ka obstak pou ou se pwopriyetè kay ou oswa dokiman asirans lokatè ou. Apre Siklòn Ida, pwosesis akò asirans yo vin pran plis tan pase jan yo te ye anvan. FEMA p ap kapab finalize aplikasyon w lan si pa genyen yon kopi enfòmasyon sou demann asirans lan nan dosye ou. Depi ou fin resevwa enfòmasyon yo nan men ajan w lan, rasire w ou bay FEMA yon kopi.

Yon lòt pwoblèm ka dokiman ou pa ka jwenn yo. Si ou gen yon pwoblèm pou ou pwouve kote ou t ap viv lè siklòn nan te pase a oswa pou ou pwouve ou te posede pwopriyete ki domaje a, fè FEMA konnen. Nou genyen espesyalis ki kapab konseye w sou ki kote ou ka jwenn papye ou bezwen yo. Gen anpil fòm prèv yo aksepte ou te ka pa menm panse.

Si w ap fè demann asistans pou èd deyò lojman FEMA bay nan kad Pwogram Lòt Nesesite (ONA) pou bagay tankou asistans pou fineray, asistans dantè ak medikal, asistans swen timoun, asistans estokaj ak deplasman, ou sèlman bezwen bay resi pou bagay sa yo.

Pou pèt pwopriyete pèsonèl yo, transpò (machin ou, moto ou, elatriye) oswa finansman pou asirans kolektiv kont inondasyon, gen yon erap anplis ki gen pou wè avèk Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (SBA). Si FEMA pa refere ou bay pwogram SBA pou prè pou katastwòf ak to enterè ki ba a oswa ou ranpli fòmilè pou yon prè men yo refize li, ebyen ou ka kalifye pou kalite asistans pou Lòt Nesesite adisyonèl sa yo epi w ap bezwen bay resi ankò. Si ou kalifye pou yon prè SBA epi ou chwazi pa aksepte li, ONA ka pa disponib.

Si ou vle konnen opsyon ou genyen yo oswa ou gen kesyon konsènan aplikasyon w lan, pèsonèl FEMA a diponib pou ede ou – ou kapab rele Liy Asistans FEMA a (800-621-3362) oswa vizite youn nan sant rekiperasyon apre katastwòf ki louvri yo nan Lwizyàn pou w pale fas a fas avèk yon reprezantan FEMA. Vizite www.fema.gov/DRC pou ou jwenn sant ki pi pre w la.

Ou kapab jwenn FEMA nan plizyè fason:

  • Ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov;
  • Lè ou rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib; oswa
  • Telechaje aplikasyon FEMA a.
Tags:
Dènye mizajou