FEMA ap Travay Pandan Sezon Vakans lan pou Sivivan Siklòn Ida yo

Release Date Release Number
NR-040
Release Date:
December 21, 2021

BATON ROUGE, La. – Lakay pandan vakans la genyen yon pi gwo sans pou sila Siklòn Ida afekte yo. FEMA pral travay pandan sezon vakans lan pou kontinye ak efò rekiperasyon yo, tankou ede sivivan ki kalifye yo rantre nan kay pou yo rete.

Ofisye Kowòdinasyon Federal la, John Long di: "Nou vrèman ap travay ak yon sans aktif ijans". "Nou konnen lè ou lakay ou, byenke se tanporè, fè ladiferans apre yon katastwòf, espesyalman pandan vakans yo."

Chak pwogram lojman inik, epi yo evalye chak aplikasyon apa pou kalifikasyon. FEMA detèmine si kandida yo kalifye pou èd lojman epi mete yo an kontak ak pi bon solisyon lojman disponib pou reponn ak bezwen pèsonèl yo.

FEMA ap fè pwogrè. Ekip asistans dirèk pou lojman, akoutèm nan kontinye ap etale inite lojman fabrik yo ak karavàn yo. Nan dat 21 desanm lan, 276 inite te deja resevwa "pèmi antre", sa ki vle di fanmi yo te jwenn kle yo epi enstale yo nan lojman tanporè yo an. Pandan tout vakans lan sivivan yo pral kontinye resevwa lisans.

Yo te apwouve plis pase 550,000 rezidan Louisiana pou yo resevwa asistans federal. Jiskaprezan, plis pase $1 milya dola ameriken finansman sibvansyon FEMA te ale jwenn sivivan yo. Anplis, Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon FEMA a (National Flood Insurance Program, NFIP) te peye $585 milyon dola pou 14,359 demann yo te soumèt. Yo te apwouve endividi yo tou pou plis pase 1,2 bilyon dola nan asistans prè lojman atravè Administrasyon Ti Antrepriz lan. 

FEMA ap travay di pou ede sivivan yo pandan tout pwosesis lan. Gras ak yon sistèm apèl otomatik, ekip IA FEMA te kontakte sivivan yo ki te gen papye ki manke, sa ki lakòz yo te debouse yon lòt $6 milyon dola ameriken pou èd ki elijib.

Anplis, sivivan yo kapab rankontre fas a fas avèk ekspè nan kesyon mezi koreksyon pou resevwa konsèy sou rekonstriksyon ak reparasyon nan magazen big box, apati 27 rive 30 desanm epi 3 janvye. Ekspè sa yo pral disponib nan Sant Rekiperasyon kont Katastwòf FEMA (Disaster Recovery Center, DRC) yo tou toutotan yo rete louvri.

Sivivan yo ka rele 833-FEMA-4-US oswa 833-336-2487 tou pou yo ka pale ansanm ak yon espesyalis nan kesyon mezi koreksyonm, voye yon imèl ba yon espesyalis lan FEMA-LAMit@fema.dhs.gov, oswa vizite yon lyen sitwèb sou mezi koreksyon pou jwenn enfòmasyon sou reparasyon, modènizasyon, ak rekonstriksyon sou https://fema.connectsolutions.com/lamit, https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit pou panyòl, oswa https://fema.connectsolutions.com/la-vie-mit pou vyetnamyen.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou estati aplikasyon w lan, rezidan nan tout pawas Siklòn Ida te afekte yo kapab pale avèk espesyalis FEMA yo nan Sant Rekiperasyon kont Katastwòf yo (DRC) sòti lendi rive vandredi. Pou konnen ki kote ak èdtan fonksyonnman yo, ale sou aplikasyon FEMA a oswa vizite www.FEMA.gov/DRC. Tout sant yo ap pran prekosyon kont COVID-19 lan. Anplwaye, volontè ak sivivan yo dwe toujou mete mask. 

Kandida yo kapab rele Liy asistans FEMA a apati 5 a.m pou rive 10 p.m, sèt (7) jou nan semèn lan nan 800-621-3362. Liy asistans telefonik yo ap rete louvri 7 a.m pou rive 5 p.m, 24, 25 epi 31 desanm epi premye (1) janvye.

Tout DRC yo ap fèmen sòti 24 pou rive 26 desanm epi semèn ki vini annapre a ankò, sòti 31 desanm pou rive 2 janvye. Sepandan, sivivan yo kapab verifye estati aplikasyon yo a anliy 24 sou 7, sou disasterAssistance.gov

 

Tags:
Dènye mizajou