Release Date:
Desanm 1, 2021
Pi Gwo Akonplisman
- Yo te founi plis pase $2,5 Bilyon pou asistans federal pou sisnistre yo jiska kounya, ki genyen ladan li:
- $1,1 bilyon nan prè ba enterè Administrasyon Ti Biznis genyen pou fanmi ak biznis yo.
- $580 milyon nan asistans pou lojman pou pwopriyetè kay ak lokatè yo.
- $441 milyon pou lòt asistans bezwen, tankou fakti medikal, ranplasman machin, ak netwayaj.
- $513 milyon gras ak reklamasyon Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (National Flood Insurance Program).
- $2,7 milyon pou reklamasyon Asisrans Chomè pou Katastwòf la.
- Yo te etabli 25 Sant Rekiperasyon pou Katastwòf nan tout Louisiana, 8 ladan l toujou ouvè, ap fonksyone, epi disponib pou ede sinistre yo.
- Yo te apwouve plis pase 552,000 Abitan Louisiana pou èd patikilye, pandan ekip FEMA te fè 186,000 pòtapòt nan komin katastwòf la te afekte a.
- Nan moman kriz la te pi fò, yo te abrite 22,183 sinistre tanporèman nan lotèl ak lòt lojman tranzisyon.
- Espesyalis FEMA yo nan domèn mitigasyon te ofri konsèy gratis pou rekonstriksyon ak reparasyon pou plis pase 14,608 sinistre.
- 152,142 sinistre te resevwa asistans lwaye rapid akòz pàn kouran, lojman san aksè oswa andomaje.
- 96,941 te kandida ba revni ki ta dwe resevwa yon asistans ta oswa pa te resevwa ditou.
- Yo rezève $27,8 milyon pou asistans sibvansyon piblik aktyèlman la a pou gouvènman lokal ak benevòl yo.
- U.S. Army Corps of Engineers enstale 33,625 "Twati Ble", pou pèmèt sinistre yo viv ak sekirite nan kay ki te andomaje yo pandan reparasyon pèmanan yo.
- USACE, nan kowoperasyon ak FEMA epi eta Louisiana, lanse yon pwogram pilòt pou eksplore posiblite twati tanporè pou kay ki pa te kalifye pou Twati Ble yo.
- Pwogram, yo te rele Roof Wrap la, konsantre li sou itilizasyon materyèl fim plastik yo enstale sou twati atravè fouwo, epi chofe pou diminye materyèl la epi kreye yon jwen enpèmeyab.
- USACE, nan kowoperasyon ak FEMA epi eta Louisiana, lanse yon pwogram pilòt pou eksplore posiblite twati tanporè pou kay ki pa te kalifye pou Twati Ble yo.