TWA MWA APRE IDA, PLIS PASE $2,5 BILYON POU ASISTANS FEDERAL POU ABITAN LOUISIANA YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211201/three-months-ida-over-25-billion-federal-assistance-louisianans] Release Date: December 1, 2021 BATON ROUGE, LA. – Sa fè twa mwa depi Siklòn Ida te pase pre Pot Fourchon, nan Louisiana ki vin senkyèm pi gwo siklòn ki frape Etazini. Pandan Abitan Louisiana yo ap rekonstwi, plis pase $2,5 BILLION nan asistans sibvansyon federal, prè ak peman asirans kont inondasyon ap soutni yo nan retablisman yo. PI GWO AKONPLISMAN * Yo te founi plis pase $2,5 BILYON pou asistans federal pou sisnistre yo jiska kounya, ki genyen ladan li: * $1,1 BILYON nan prè ba enterè Administrasyon Ti Biznis genyen pou fanmi ak biznis yo. * $580 MILYON nan asistans pou lojman pou pwopriyetè kay ak lokatè yo. * $441 MILYON pou lòt asistans bezwen, tankou fakti medikal, ranplasman machin, ak netwayaj. * $513 MILYON gras ak reklamasyon Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (National Flood Insurance Program). * $2,7 MILYON pou reklamasyon Asisrans Chomè pou Katastwòf la. * Yo te etabli 25 Sant Rekiperasyon pou Katastwòf nan tout Louisiana, 8 ladan l toujou ouvè, ap fonksyone, epi disponib pou ede sinistre yo. * Yo te apwouve plis pase 552,000 Abitan Louisiana pou èd patikilye, pandan ekip FEMA te fè 186,000 pòtapòt nan komin katastwòf la te afekte a. * Nan moman kriz la te pi fò, yo te abrite 22,183 sinistre tanporèman nan lotèl ak lòt lojman tranzisyon. * Espesyalis FEMA yo nan domèn mitigasyon te ofri konsèy gratis pou rekonstriksyon ak reparasyon pou plis pase 14,608 sinistre. * 152,142 sinistre te resevwa asistans lwaye rapid akòz pàn kouran, lojman san aksè oswa andomaje. * 96,941 te kandida ba revni ki ta dwe resevwa yon asistans ta oswa pa te resevwa ditou. * Yo rezève $27,8 MILYON pou asistans sibvansyon piblik aktyèlman la a pou gouvènman lokal ak benevòl yo. * U.S. Army Corps of Engineers enstale 33,625 "Twati Ble", pou pèmèt sinistre yo viv ak sekirite nan kay ki te andomaje yo pandan reparasyon pèmanan yo. * USACE, nan kowoperasyon ak FEMA epi eta Louisiana, lanse yon pwogram pilòt pou eksplore posiblite twati tanporè pou kay ki pa te kalifye pou Twati Ble yo. * Pwogram, yo te rele Roof Wrap la, konsantre li sou itilizasyon materyèl fim plastik yo enstale sou twati atravè fouwo, epi chofe pou diminye materyèl la epi kreye yon jwen enpèmeyab.