FEMA Sant Rekiperasyon Katastwòf ap Fèmen nan Konte Warren; Rès DRC yo ap diminye èdtan Operasyon yo

Release Date Release Number
NR 019
Release Date:
October 4, 2021

TRENTON, N.J.  Pandan sinistre yo ap avanse nan pwosesis rekiperasyon an, èd se jis yon apèl nan telefòn, yon klik oswa tape sou aplikasyon FEMA. Sant Rekiperasyon Katastwòf nan Konte Warren pral fèmen nèt nan Vandredi, 8 Oktòb nan 5 p.m.

DRC Konte Warren lan sitiye nan Franklin Township Building Minisipal, 2093 Route 57, Broadway, NJ 08808.

Kòmanse jodi a, 4 Oktòb, DRC yo ap diminye èdtan lasemèn yo epi yo fèmen nan 5 p.m.

Diplis, apati 10 Oktòb, tout DRC yo ap fèmen Dimanch.  

Pandan sit sa a pral fèmen, asistans an pèsonn ap toujou disponib.  Sivivan yo ka jwenn DRC ki pi pre yo a sou entènèt nan fema.gov/drc oubyen voye mesaj bay DRC ak nan Kòd Postal aktyèl yo nan 43362. Ou ka peye pou mesaj ak done yo.

Èd Toujou Disponib

Sinistre katastwòf yo ka toujou jwenn aksè ak enfòmasyon sou katastwòf yo ak èd nan mwayen sa yo: sou entènèt nan DisasterAssistance.gov; rele nan 800-621-3362; (TTY:800-462-7585); oubyen telechaje aplikasyon FEMA ki disponib pou telefòn entèlijan. Sinistre katastwòf ki soud, ki gen yon andikap nan langaj oswa ki pa tande byen epi ki itilize TTY, kapab rele nan 800-462-7585. Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone aktyèlman la a 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib. Dat limit pou aplike pou èd kont katastwòf se 4 Novanm 2021.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 2 nan twitter.com/FEMAregion2.

Tags:
Dènye mizajou