FEMA Ofri Aksè Egal ak Tout Sinistre Katastwòf yo

Release Date Release Number
010
Release Date:
October 1, 2021

FEMA ak leta Louisiana angaje yo pou yo founi asistans nan moman katastwòf ak tout moun ki genyen andikap epi bezwen aksè ak bezwen fonksyonèl. Asistans disponib tou pou moun ki kominike nan lòt lang ki pa angle.

Genyen kèk patikilye ki pa genyen yon andikap kapab genyen kondisyon tanporè oswa alontèm kote yo bezwen tou yon ti èd anplis men yo pa ta kapab panse pou mande li. FEMA ofri asistans siplemantè bay moun tankou granmoun aje yo, moun ki genyen difikilte nan lang angle, oswa moun ki genyen pwoblèm transpò oswa finans. Asire ou pou reponn "wi" nan kesyon 24, ki mande sou bezwen fonksyonèl pou aplikasyon FEMA an pou wè kòman nou kapab ede.

Fason pou Aplike

Mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou aplike a se vizite DisasterAssistance.gov.

Sivivan yo ka aplike tou lè yo rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib
  • Yon lis jeneral dega ak pèt si ou konnen kisa yo ye
  • Nimewo kontra asirans ou ak non ajan oswa konpayi ou an.

Akomodasyon rezonable.

Si ou bezwen yon aranjman oswa asistans akòz yon andikap, mande FEMA nan moman aplikasyon an oswa nenpòt ki lè nan tout pwosesis asistans lan. Men ki jan:

  • Rele liy asistans pou katastwòf nan 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
  • FEMA kapab founi entèprèt, soutit an tan reyèl, ak enfòmasyon nan lòt fòma tankou gwo ekriti ak lèt detache, odyo, ak vèsyon elektwonik. Ajans lan founi sèvis gratis tou pou ede sinistre yo kominike ak anplwaye li yo epi konprann pwogram FEMA yo.  Pami èd sa yo genyen:
  • Enfòmasyon disponib sou fòm elektwonik aksesib nan sit entènèt ak medya sosyal FEMA
  • Entèprèt Lang Siy Ameriken Kalifye
  • Entèprèt plizyè lang kalifye
  • Enfòmasyon ki ekri nan plizyè lang

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou