Èd Federal Aprè Siklòn Ida a Depase $23.5 Milyon

Release Date Release Number
NR 008
Release Date:
September 17, 2021

Trenton, NJ – Yo te apwouve plis pase $23.5 milyon èd federal pou sivivan New Jersey yo pou Siklòn Ida de (2) semèn apre li te frape yo.

Plis pase 42,000 rezidan News Jersey te enskri pou jwenn èd FEMA. FEMA apwouve plis pase $11,7 milyon pou bay plis pase 2,700 fanmi nan New Jersey ki gen ladan:

  • Plis pase $10.8 milyon pou sibvansyon Èd pou Lojman pou reparasyon nan rezidans prensipal oswa pou lokasyon lojman tanporè.
  • Plis pase $950,000 pou sibvansyon pou repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl ki donmaje oswa pou peye depans nesesè ki gen rapò ak katastwòf ak lòt bezwen enpòtan.

Lòt èd yo bay yo gen ladan yo tou:

  • Plis pase $9,8 milyon pou reklamasyon asirans lè gen inondasyon nan New Jersey. Yo te peye plis pase 6,000 reklamasyon.
  • Yo te bay 56 sivivan plis pase $1.9 milyon prè pou katastwòf ki pa gen gwo enterè sou li atravè Administrasyon Ti Antrepriz nan Etazini.

Kounye a gen uit (8) Sant Rekiperasyon Aprè Katastwòf ki louvri nan New Jersey kote sivivan yo ka pale ak reprezantan ki nan pwogram Endividyèl ak Fanmi FEMA yo, pwogram FEMA pou Diminye Danje, ak pwogram prè Administrasyon Ti Antrepriz yo, pou jwenn repons kesyon sou korespondans alekri epi jwenn dokiman sou reparasyon ak rekonstriksyon pou fè kay ki reziste fas ak katastwòf. Ou ka jwenn kote sa yo sou aplikasyon FEMA a oswa sou entènèt nan https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator

Yon total 17 ekip FEMA pou bay Èd pou Sivivan Katastwòf yo ak de (2) ekip nan kò FEMA ap ede sivivan yo nan 11 konte pou enskri pou jwenn èd, idantifye bezwen potansyèl yo, epi fè koneksyon avèk ajans lokal, leta, federal ak volontè yo avèk resous pou ede yo.

Moun ki nan Bergen, Essex, Gloucester, Hudson, Hunterdon, Mercer, Middlesex, Morris, Passaic, Somerset ak konte Inyon yo kalifye pou aplike pou èd lè gen katastwòf.

Si ou pa genyen asirans oswa ou genyen yon ti asirans, ou kapab kalifye pou èd federal.

Mwayen ki pi vit ak pi fasil pou aplike se vizite disasterassistance.gov/.

Si li posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone kounye a 24 sou 24, sèt (7) jou sou sèt (7). Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay ak lokatè, ou dwe depoze yon reklamasyon lè ou kapab byen vit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab double avantaj pou pèt asirans lan te kouvri yo. Si ou pa genyen asirans oswa ou genyen yon ti asirans, ou kapab kalifye pou èd federal.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib
  • Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra a oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 2 a twitter.com/FEMAregion2.

Tags:
Dènye mizajou