FEMA Ranfòse Jefò li pou Atenn Sivivan Ida yo

Release Date Release Number
DR-4611-LA NR-007
Release Date:
September 16, 2021

BATON ROUGE, La. – Plizyè ti sant tanporè rekiperasyon kont katastwòf FEMA yo louvri nan zòn siklòn yo ravaje, pandan ekip FEMA yo mache pòt nan kominote yo - yon aksyon koletif eta a ak FEMA pou kontinye atenn sivivan ki nan bezwen yo.

Espesyalis sant tanporè rekiperasyon kont katastwòf sa yo gen ekipman pou ede sivivan yo aplike nan FEMA, telechaje dokiman ki nesesè nan pwosesis demann lan epi reponn kesyon sou ka patikilye yo. Anplis, Reprezantan Sèvis Kliyan ki soti nan Administrasyon Ti Biznis (Small Business Administration, SBA) peyi Etazini ap la tou pou bay enfòmasyon sou pwogram lan, reponn tout kesyon epi eksplike kijan pou aplike pou prè katastwòf SBA a ki p ap pran anpil enterè pou biznis, prive ki pa Touche nan men moun-, pwopriyetè kay ak lokatè.

Sant rekiperasyon sa yo pral louvri pandan yon titan, pandan y ap idantifye etablisman alontèm yo epi mete yo kanpe. Sivivan yo kapab ale nan nenpòt sant tanporè rekiperasyon kont katastwòf yo (detay yo anba la). Orè fonksyonnman ak yo kapab mete biwo yo ajou souvan, etandone yo tanporè.

Konsilte aplikasyon FEMA a oswa vizite FEMA DRC Locator pou tout lòt nouvèl yo. Tout sant yo pral swiv mezi prekosyon kont COVID-19 lan epi yo pral egzije pou ni espesyalis FEMA ak sivivan yo mete mask.

Ekip FEMA yo ap mache pòt an pòt tou nan pawas ki afekte yo pou konekte dirèk avèk sivivan ki bezwen èd pou mande asistans FEMA. Manm ekip yo pral mete rad FEMA bay epi k ap genyen yon idantite FEMA ak foto. Si yo pa montre yon kat idantite ki gen foto, yo ankouraje sivivan yo mande pou wè kat sa.

Biwo Aktyèl Sant rekiperasyon tanporè aprè katastwòf (16 septanm 2021):

Pawas Lafourche

Sant Gouvènman Pawas Lafourche

4876 Highway 1
Raceland, LA 70394
Lè fonksyonnman: 8 a.m. - 5 p.m. 

 

Pawas Jefferson

Depatman Sante Jefferson 

1855 Ames Blvd.
Marrero, LA 70072
Lè fonksyonnman: 8 a.m. – 6:00 p.m.

Sant pou Moun Aje Jean Lafitte

4927 Treasure Blvd.
Lafitte, LA 70067
Lè fonksyonnman: 10 a.m. – 5:30 p.m.

 

Pawas Plaquemines

Bibliyotèk Belle Chasse

8442 Highway 23
Belle Chasse, LA 70037
Lè fonksyonnman: 8 a.m. - 6 p.m.

Sant Kominotè Reveran Percy Griffin

15577 Highway 15
Braithwaite, LA 70040
Lè fonksyonnman: 8 a.m. – 4 p.m. (Jedi, 16 septanm: ouvri 2 – 4 p.m.)

YMCA – Buras

36342 Highway 11
Buras, LA 70041
Lè fonksyonnman: 8 a.m. - 6 p.m. (Jedi, 16 septanm: ouvri 2 – 6 p.m.)

 

Pawas Tangipahoa

Bibliyotèk Pawas Tangipahoa-Sikisal Hammond

314 E. Thomas St.
Hammond, LA 70401
Lè fonksyonnman: 10 a.m. – 6 p.m.

 

Pawas Orleans

Sant Lwazi Cut Off New Orleans

6600 Belgrade St.
New Orleans, LA 70131
Lè fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen)

Sant Lwazi Joe W. Brown

5601 Read Blvd.
New Orleans, LA 70127
Lè fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen)

Sant Lwazi Mine

5420 Franklin Ave.
New Orleans, LA 70122
Lè Fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen)

Sant Lwazi Rosenwald

1120 S. Broad St.
New Orleans, LA 70125
Lè Fonksyonnman: Jou semèn: 10 a.m. – 6 p.m. (Chak samdi: 9 a.m. – 2 p.m.; Dimanch: fèmen)

 

Rezidan yo pa bezwen rankontre ak espesyalis FEMA yo an biwo pou yo aplike pou yo resevwa èd. Fason ki pi rapid pou aplike a se sou sitwèb lan sou DisasterAssistance.gov. Sivivan yo kapab aplike tou nan telefò nan 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585. Aktyèlman liy telefòn yo fonksyone 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn. Moun k ap itilize yon sèvis relè tankou sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a.

Sivivan yo dwe konnen pou yo bay enfòmasyon sa yo pou aplike nan FEMA:

  • Nimewo Sekirite Sosyal
  • Adrès kay ki gen pwoblèm lan
  • Deskripsyon dega yo
  • Enfòmasyon konsènan kouvèti asirans lan
  • Nimewo Telefòn Moun pou kontakte ki ajou:
  • Yon adrès kote kapab resevwa kourye lapòs
  • Nimewo kont labank ansanm ak routing numbers pou depoze lajan dirèk

 

 

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou