Sa ou bezwen Konnen: Enspeksyon FEMA

Release Date Release Number
FEMA-4337-DR FS 024
Release Date:
November 8, 2017

Yon enspeksyon kay FEMA fè pati nan pwosesis pou verifye domaj ak pèt pou aplikan yo apre Siklòn Irma. Kenbe nan lespri w enfòmasyon ki annaprè yo, kidonk ou konnen sa pou atann:

Mete Enspeksyon an anplas
  • Jeneralman apre ou fin enskri pou asistans nan FEMA, yon enspektè FEMA pral kontakte w. Li ka nimewo telefòn ki soti nan yon lòt eta, oswa parèt sou Idantifikasyon moun yap rele a tankou pa disponib, kidonk asire ke ou reponn telefòn nan.
  • Enspektè a pral deja genyen nimewo aplikasyon ki afekte a enkripsyon ou. Yo pa pral mande w pou okenn enfòmasyon ki ka idantifye ou nan telefòn.
  • Lè enspektè FEMA rele, ekri:
    1. Non enspektè a
    2. Dat apèl la
    3. Dat ak lè randevou a, ak  
    4. Nimewo telefòn enspektè a.
  • Enspektè a pral eseye twa fwa nan diferan jou ak diferen lè nan jounen an. Si yo pa ka kontakte w nan telefòn, yap voye yon lèt nan adrès ou te bay nan moman enskripsyon an.
  • Si yon enspektè kay te kontakte w nan telefòn men okenn moun lakay ou pa t aplike pou asistans katastwòf  FEMA, ou ta dwe mande pou yo anile aplikasyon an.
Enspeksyon an
  • Lè enspektè a rive, mande l pou idantifikasyon ofisyèl. mayo, chapo ak vès FEMA pa rann yo ofisyèl.
  • Badj enspektè a se pwopriyete gouvènman an e li ilegal pou fè kopi l. Pa eseye fè foto badj la. Si yon enspektè  refize montre w idantifikasyon l, mande pou yo ale epi retounen avèk li.
  • Enspektè a pral gen nimewo aplikasyon ou ki afekte nan enskripsyon an. Ou ka mande enspektè a pou l ba ou nimewo a.
  • Lè yon enspektè FEMA vini nan kay ou ki andomaje, li pral verifye non w, adrès kay ki andomaje a, adrès postal aktyèl ou a ak nimewo telefòn yo. Enspektè FEMA yo pa pral mande w nimewo enskripsyon w lan, paske yo deja genyen l.
  • Enspektè yo ka mande pou wè dokiman pou verifye enfòmasyon ki annaprè a:
  1. Kay andomaje a se rezidans prensipal ou
  2. Ou se mèt kay la (pa aplikab pou lokatè)
  3. Oumenm/moun lakay ou te abite nan kay la nan moman katastwòf la
  4. Kantite chanm ki te okipe nan moman katastwòf la
  5. Kantite moun ki lakay ou, oswa moun kap viv lakay ou
  6. Peryòd tan lè domaj la te rive lakay ou
  7. Kouvèti asirans sou kay ou.
  • Enspektè a pral mande w tou pou siyen yon deklarasyon ak fòm otorizasyon.  Sa a se yon pwosedi nòmal e li egzije yon siyati pou montre ou dakò avèk sèten egzijans pou resevwa asistans federal ak verifye oumenm oswa yon moun lakay ou se yon sitwayen ameriken, sitwayen ki pa ameriken oswa etranje kalifye nan Etazini.
  • Enspektè a pral evalye ak verifye domaj katastwòf la koze. Yo pa janm chaje yon frè pou enspeksyon an. Jeneralman, enspeksyon an dire apeprè 30 minit.
  • Enspektè a pa detèmine kalifikasyon oswa kantite lajan asistans finansye ou elijib pou resevwa.
  • Sonje: FEMA pa janm chaje yon frè pou yon enspeksyon. Enspektè a pa pral janm mande pou enfòmasyon bank ou.
Apre Enspeksyon an
  • Apre yo fin fè yon enspeksyon kay, yap bay FEMA yon dosye sou domaj katastwòf la te koze.  Apati dosye sa yo pral detèmine elijiblite w pou asistans nan katastwòf la.
  • Si ou kalifye pou yon sibvansyon, nan lespas 7 a 10 jou apre enspeksyon an, FEMA pral voye ba ou:
    • Yon chèk pa lapos oswa yon depo dirèk sou kont chèk oswa epay ou, ak  
  • Yon lèt ki dekri kijan ou dwe itilize lajan an.  
  • Gen plizyè kategori asistans, kidonk li posib pou kalifye pou plis pase yonsèl. Lèt desizyon an pral spesifye kategori asistans lan. Asire ke ou itilize lajan an nan fason yo eksplike nan lèt la epi kenbe dosye ak resi yo pou omwen twazan, montre kijan ou te itilize lajan pou rekiperasyon katastwòf la.
  • Si ou pa kalifye pou yon sibvansyon, FEMA pral voye ba ou yon lèt desizyon. Ou ka toujou konteste desizyon an.
Si ou pa fin santi w twò alèz avèk yon enspektè, mande l pou li ale touswit epi rele lapolis lokal. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.
Tags:
Dènye mizajou