Volontè yo jwe yon wòl enpòtan nan retablisman: Èd avèk bezwen ki poko satisfè

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 138
Release Date:
December 20, 2017

ORLANDO, Fla. – Aprè yon katastwòf fin pase, ajans federal, eta ak lokal pou kadijans imedyatman rasanble resous yo pou ede sivivan yo. Òganizasyon volontè ak òganizasyon a bi non likratif sipòte kominote ki afekte yo tou nan efò k ap fèt pou pote sekou ak nan retablisman.

Leta Florid deziye Volunteer Florida kòm ajans prensipal pou koòdone volontè yo ak òganizasyon non-gouvènmantal yo. Volunteer Florida se yon manm nan Òganizasyon Volontè nan Florid ki Aktif nan Katastwòf (Florida Voluntary Organizations Active in Disasters, FLVOAD), yon asosyasyon eta a ki konpoze ak gwoup volontè ak gwoup a bi non likratif ki bay èd esansyèl pou ede sivivan yo ak kominote yo nan tout faz yon katastwòf. Li jwe yon wòl enpòtan nan ede fanmi yo avèk bezwen ki poko satisfè akoz katastwòf la epi, pafwa, ede nan repare ak rekonstwi kay. Lyezon Ajans Volontè (Voluntary Agency Liaisons, VAL) nan Ajans Federal pou Jesyon Kadijans lan (Federal Emergency Management Agency, FEMA) koòdone enfòmasyon ak resous avèk Volunteer Florida epi Florida VOAD a pou sipòte kat K yo – koòdonasyon, kolaborasyon, kooperasyon ak kominikasyon – pou travay yon fason ki pi efikas.

Volontè yo ede tou nan retablisman alontèm kominote a. Lè sivivan yo fin epuize tout resous yo, gwoup volontè yo la pou ede yo dekouvri epi ofri plis resous, ikonpri sèvis lokal pou ede yo avèk bezwen yo genyen ki poko satisfè.

Òganizasyon pou retablisman alontèm

Ajans volontè yo inisyalman satisfè bezwen imedya sivivan yo lè yo ba yo abri, manje ak lòt kalite èd. Aprè yo fin satisfè bezwen imedya sa yo epi yo te abòde kèk kondisyon ki ka menase lavi sivivan yo, yo kòmanse kèk aktivite pou retablisman alontèm atravè gwoup lokal pou retablisman alòntèm yo (Long Term Recovery Groups, LTRG).

Apati 12 desanm, genyen 23 LTRG. Antanke òganizasyon ki lokal, misyon yo se pou ede sivivan siklòn yo avèk bezwen yo genyen akoz katastwòf la ki poko satisfè. Lyezon Ajans Volontè yo toujou an kontak avèk LTGR yo pou asire yo ajou avèk pwogram ajans federal ak eta yo ansanm ak resous non-gouvènmantal yo.

Volontè nan eta Florid yo ak nan tout peyi a ap ofri tan ak talan yo nan efò pou retablisman akoz siklòn Irma a. Pou lemoman, ajans volontè yo, gwoup relijye yo, klib sèvis lokal yo ak volontè endividyèl ap ede netwaye epi rekonstri sot nan Jacksonville pou rive nan Keys yo.

Ansanm, volontè sa yo ap ede rezoud bezwen ki poko fin satisfè epi y ap debleye wout la pou retablisman.

Youn nan gwoup sa yo, International Orthodox Christian Charities (IOCC), te ede nan aktivite pote sekou ak retablisman. Li te netwaye debri nan plis pase 100 kay nan konte Collier, Duval ak Flagler. Yo te deplwaye douz nan konseye yo, ki resevwa fòmasyon nan swen emosyonèl ak espirityèl nan tout eta Florid la. Nan kòmansman mwad janvye 2018 la, IOCC pral kòmanse rekonstri kay nan konte St. Johns.

Fason w ka ede epi jwenn èd

Sèvis ak pwogram ki pral site anba a ofri asistans pou sivivan ak kèk opòtinite pou pote w volontè:

Florida 211

  • Floridyen k ap chèche enfòmasyon konsènan sèvis ki gen rapò ak katastwòf la ak bezwen yo genyen ki poko satisfè ka rele Florida 211, yon sèvis rekòmandasyon nan tout eta a. Rele 211 pou jwenn resous nan kominote w la, tankou manje, gadri pou timoun ak konsèy pou kriz.

Pou pote w volontè ak fè don

Pou plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak retablisman nan Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, kont Twitter @FEMARegion4, oswa sitwèb Florida Division of Emergency Management lan.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

###

Dènye mizajou