Ranfòse Mwayen Sovtaj Kominote a pou Sekirite USVI

Release Date Release Number
178
Release Date:
September 10, 2020

ST. CROIX, Zile Vyèj Amerikèn – Sèvis dijans, tankou ponpye, lapolis ak EMS (anbilans), se fabrik yon kominote ki an sekirite. FEMA te angaje yon finansman $16.8 milyon sou teritwa a pou reparasyon ak modènizasyon etablisman piblik yo, ki gen ladan sila yo ki pèmèt premye entèvenan yo fè travay yo. Asire etablisman sa yo operasyonèl epi kenbe sèvis yo fonksyonèl enpòtan pou repons dijans yo.

"Pandan siklòn Irma ak Maria a, premye entèvenan yo sou teritwa a te travay tout lajounen ak lannuit pou bay swen, konpasyon ak sekirite pou kominote yo", William Vogel, Ofisye Federal Kowòdinasyon pou retablisman an te deklare. "FEMA pral kontinye rete prezan pou sipòte premye entèvenan yo ak asire yo gen zouti pou fè travay yo. Angajman yo pou travay nan premye liy yo chak jou se yon bagay ewoyik".

Atravè Pwogram Sibvansyon pou Rediksyon Danje FEMA a, plizyè etablisman sèvis dijans sou teritwa a ap transfòme pou adapte ak van, sa ki ap pèmèt bilding yo reziste ak vitès van siklòn yo an akò ak kòd bilding 2018 ki te adopte dènyèman sou teritwa a. Mezi sa yo pral redui risk van siklòn yo kreye, ki gen ladan presyon van, debri k ap vole ak lapli ki vini ak van pou redui domaj estriktirèl oswa echèk alavni.

 

  • Kazèn Ponpye Herbert L. Canegata (Richmond) nan St. Croix te jwenn finansman $664,316 pou renove tout twa bildinng yo an akò ak Kòd Bilding Entènasyonal 2018 la.

 

  • Kazèn Ponpye Charles A. “Tappy” Seales (Grove Place) nan St. Croix te jwenn finansman $4.9 milyon pou renove ak modènize bilding lan, ki gen ladan konstriksyon sal sekirize, pèmèt etablisman an kontinye fonksyone tankou yon pwen kowòdinasyon pandan operasyon repons dijans yo.

 

  • Kazèn Ponpye Emile Henderson nan St. Croix te jwenn finansman $601,000 pou renove bilding lan ak ajoute yon sal sekirize. Kazèn ponpye ki amelyore a pral pèmèt operasyon sèvis ensandi yo pandan ak touswit apre yon dezas.

 

  • Kazèn Ponpye Emile C. Berry nan St. Thomas te jwenn finansman $162,000 pou renove senk bilding kazèn lan. Bretèl pou twati kont siklòn yo pral enstale, ansanm ak pèsyèn kont siklòn yo, pòt ki kanpe van ak pòt garaj yo. Rafèmisman ekipman twati yo anplis, evakyatè nan twati, pwi limyè, ekipman elektrik/mekanik ak lòt pral fèt.

 

  • Kazèn Ponpye Fortuna/Bordeaux nan St. Thomas te jwenn finansman $4.9 milyon pou renove kazèn ponpye a nan elimine bilding modilè yo ak modènize estrikti ak fonksyonalite kazèn lan pou asire operasyon yo kontinye pandan ijans. Renovasyon an pral gen ladan konstriksyon yon sal sekirize ak enstalasyon yon jeneratè sekou.

 

  • Kòmannman Lapolis Leander Jurgen nan St. John te jwenn finansman $296,000 pou renove bilding lan, redui risk van siklòn yo kreye, ki gen ladan presyon van, debri k ap vole ak lapli ki vini ak van pou redui domaj estriktirèl oswa echèk alavni, ansanm ak risk pou sekirite lavi premye entèvenan ak fonksyonalite esansyèl etablisman an. Kòm sèl pòs lapolis nan St John, asire kontinuite operasyon yo pandan yon ijans enpòtan pou sekirite piblik la.

Anplis de sa, teritwa a te jwenn finansman $94,000 pou modènize teknoloji kominikasyon yo, ki gen ladan pwen aksè satelit ak repetitè transpòtab yo ki pral pèmèt premye entèvenan yo elaji byen rapid kouvèti nan tout zòn lan ak etabli yon rezo sou plas pou sa. Ekipman ak fòmasyon sa a pral bay sèvis vokal ak done ki fyab pou kenbe operasyon yo kontinyèl pandan yon ijans.

"Pwojè sa yo bay yon total ki depase $11.5 milyon nan finansman FEMA ki pral pèmèt ranfòse etablisman jesyon dijans yo sou teritwa a pou asire kontinuite sèvis yo lè yon dezas frape ak pwoteje sila yo ki sèvi kominote nou yo lè nou plis bezwen sa", Direktè Biwo Retablisman Apre Dezas Adrienne L. Williams-Octalien te deklare.

###

 Misyon FEMA a se ede moun avan, pandan e apre yon dezas.

Swiv nou sou medya sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

 

Tags:
Dènye mizajou