Koleksyon fòm pou dwa pou antre nan Operasyon Twati Ble te pwolonje jiska 16 novanm, Corps avèti pwopriyetè kay yo pou yo pran anpil prekosyon avèk pwogram k ap fè fwod yo.

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 036
Release Date:
November 11, 2018

TALLAHASSEE, Fla. – Sou demann Eta Florida ak FEMA,  U.S. Army Corps of Engineers pral kontinye pran fòm Dwa pou Antre (Right of Entry, ROE) pou Operasyon Twati Ble jiska vandredi 16 novanm  2018.

 

Answit, USACE avèti pwopriyetè kay yo pou pwogram k ap fè fwod ki ka reprezante tèt yo kòm Operasyon Twati Ble.  “Si nenpòt moun vin kote ou pou mande ou lajan pou yon twati ble, se pa pwogram nou an. Lyetnan -Kolonèl Richard Gussenhoven ki se Kòmandan Inite Operasyon Michael nan USACE, di konsa “Operasyon Twati Ble se yon pwogram ki gratis epi li p ap koute pwopriyetè kay yo anyen.

 

Pwopriyetè kay ki ka sispèk yo viktim nan fwod ta dwe kontakte FEMA (866-720-5721, TTY 844-889-4357), corps (888-766-3258) oswa lapolis lokal. Pwopriyetè kay yo ka denonse fwod la poukont yo nan nenpòt sant koleksyon ROE.

 

Men kèk nan siy ki ka endike fwod:

  • Pa gen evalyasyon asirans kalite USACE
  • PA GEN kontraktè USACE ki gen lòd travay valab
  • Demann peman
  • Demann papye aplikasyon

 

Pou sivivan k ap chèche jwenn yon twati ble, yo kapab prezante fòm ROE nan entènèt sou sitwèb www.usace.army.mil/blueroof oswa poukont yo nan nenpòt sant koleksyon ROE jiska 5 p.m. Lè lokal pou zòn kote yo ye a.

 

Kondisyon pou kalifye

• Sèlman kay prensipal ak twati chengèl estanda ki kalifye pou resevwa yon twati ble pwovizwa.

• N ap repare twati metal yo ak kay sou woulèt yo nan mezi li posib sou baz ka-pa-ka.

• Tèt kay ki gen plis pase 50 pousan domaj nan estrikti yo pa kalifye pou pwogram sa a.

• Y ap vizite chak pwopriyetè ki te siyen yon fòm Right of Entry.

• Si yo lwe yon kay, lokatè a dwe bay pèmisyon alekri li te jwenn nan men pwopriyetè a anvan li siyen fòm Right of Entry a.

 

N ap evalye RO sivivan yo prezante nan dat 16 novanm epi enstalasyon Twati Ble yo ap kontinye nòmalman jouk lè nou fini.

 

Sant koleksyon ROE yo endike anba la a.

  •  DRC Konte Bay - Bibliyotèk Piblik Konte Bay County, 898 West 11th Street, Panama City, FL 32401
  • Konte Bay - Walmart Supercenter, 2101 S FL-77, Lynn Haven, FL 32444
  • Konte Bay - Walmart, 15495 Panama City Beach Parkway, Panama City Beach, FL 32413
  • DRC Konte Calhoun - Sam Atkins Park, NW Silas Green Street, Blountstown, FL 32424
  • DRC Konte Gadsden  - (Ansyen) Gretna Elementary School, 706 Martin Luther King Junior Boulevard, Gretna, FL 32332
  • Konte Gulf - Bibliyotèk Port Saint Joe, 110 Library Drive, Port Saint Joe, FL 32456
  • Konte Gulf - Wewahitchka Information Center, 211 N State Road 71, Wewahitchka, FL 32465
  • DRC Konte Jackson - University Extension Office, 2737 Penn Avenue, Marianna, FL 32448

 

W ap jwenn dènye enfòmasyon yo sou sitwèb www.usace.army.mil/blueroof ak nan nimewo 888-ROOF-BLU (888-766-3258). W ap jwenn enfòmasyon nan lang Angle ak Panyòl nan nimewo sa a.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou jwenn yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte nan Ouragan Michael, ale sou sitwèb, www.floridadisaster.org/info

 Pou jwenn plis enfòmasyon sou redrèsman apre Ouragan Michael, ale sou sitwèb www.fema.gov/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA    ak  Facebook.com/FloridaSERT  .

 

.

Tags:
Dènye mizajou