Li Pa Twò Bonè pou Pare pou Sezon Siklòn 2018 lan

Release Date Release Number
103
Release Date:
March 16, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Konfwonte tanpèt se yon bagay lavi toulejou nan Twopik yo.

Anvan Siklòn Irma ak Maria an septanm dènye, te gen Tanpèt Twopikal Otto an 2010, Tanpèt Twopikal  Jeanne an 2004, Siklòn Lenny an 1999, Siklòn Georges an 1998, Siklòn Bertha an 1996, Siklòn Marilyn an 1995 ak Siklòn Hugo an 1989.

Pandan Abitan Zile Vyèj yo ap kontinye refè aprè pasaj Irma ak Maria, pwochen sezon siklòn nan Atlantik la nan mwens ke twa (3) mwa. Sezon an kòmanse 1ye jen epi li fini 30 novanm; peryòd ki pi entans nan sezon an se ant mi mwa dawout ak fen oktòb. Ofisyèl yo nan Ajans TeritoryalZile Vyèj pou  Jesyon Ijans (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) ansanm ak Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) mande rezidan ak kominote yo kòmanse pare depi kounye an. 

Direktè VITEMA Mona Barnes deklare: “Gen plizyè aksyon nou rekòmande pou ou kapab pare pou pwochen siklòn la. Tanpri rete enfòme epi planifye pou pi devan.”

Sou sit Entènèt VI-Alert la, itilizatè yo gendwa enskri pou resevwa alèt ijans sou selilè yo. Paj Facebook VITEMA an ak Inform USVI.com se resous pou nouvèl ki pi resan yo osijè siklòn ak aktivite preparasyon.

Pann kouran, manke dlo potab, wout ki bouche yo, sèvis telefòn ki pa mache ak kay ki sibi anpil domaj se efè ou ta dwe antisipe apre pasaj yon siklòn ki pisan. Aktivite preparasyon yo ta dwe gen ladann fè rezèv manje ak dlo, medikaman, dokiman fanmi an ak yon kantite lòt bagay toujou. Gen tout enfòmasyon ou ka bezwen osijè aktivite preparasyon yo sou sit Entènèt Ready.gov lan.

Mentou ou gendwa bezwen pare pou evakye, sa ki vle di oud we gen yon “go kit” (twous ijans) ki anbale ak pare pou ale, ou dwe konnen wout pou fè pou evakye a epi ou dwe gen yon plan pou kote ou pral rete a.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA William Vogel di: “Si ou kòmanse depi kounye a pare pou pwochen sezon siklòn la, sa va ba w tan pou pare sou plizyè mwa k ap vini yo. Selon si se yon gwo tanpèt li ye, nou ka bezwen plizyè jou anvan moun kapab vin jwenn ou pou ba w èd. Tout moun ta dwe pare epi gen yon plan.”

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou ed emoun anvan, pandan ak aprè yon dezas.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou