FEMA ap chèche anboche ensilè Zile Vyèj pou ede avèk retablisman akoz siklòn nan

Release Date Release Number
NR 70
Release Date:
December 26, 2017

ST. CROIX, Virgin Islands – Ajans Federal pou Jesyon Kadijans lan (Federal Emergency Management Agency, FEMA) toujou ap chèche anboche ensilè sou Zile Vyèj yo kòm anplwaye tanporè pou ede teritwa a retabli aprè siklòn Irma ak Maria. Gen pòs ki disponib sou St. Croix, St. John ak St. Thomas.

Ajans lan ap chèche yon varyete travayè pou ranpli kèk pòs pou moun ki gen konpetans nan plizyè zòn. Kandida ki gen diplòm inivèsite epi/oswa konpetans nan kontablite, planifikasyon, analiz done, estatistik, redaksyon, koreksyon, syans anviwonnmantal ak jesyon konstriksyon se moun konsa nou sitou ap chèche. Anplis de sa, nou bezwen tou moun ki gen konesans nan pwogram òdinatè yo tankou Microsoft Office ak Adobe.

Moun lokal nou anboche yo pral kontribye konesans ak konpetans ki enpòtan anpil nan efò n ap fè pou retablisman ak restorasyon nan kominote yo a. Lè nou anboche moun lokal yo sa pèmèt nou ede sivivan katastwòf yo retounen travay epi sa sipòte efò retablisman alontèm yo tou. Moun nou anboche yo pral travay avèk yon mendèv ki espesyalize ki enkli travayè teritoryal, lokal ak federal, ajans volontè ak òganizasyon nan kominote a.

Moun lokal nou anboche tanporèman yo se pou yon peryòd inisyal ki dire 120 jou, ki ka pwolonje jiska yon maksimòm ennan. Rezidan ki enterese travay pou FEMA ka voye rezime yo pa imèl nan

FEMA-DR4340USVI-LocalHires@fema.dhs.gov oswa yo ka aplike sou entènèt atravè Depatman Travay Virgin Islands nan www.vidol.gov.

Pèsonèl resous imen FEMA a pral kontakte kandida yo chwazi yo pa telefòn pou mete randevou pou yo fè entèvyou.

 

###

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (vwa, 711/VRS - Video Relay Service) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Pou enfòmasyon ofisyèl sou efò k ap fèt pou retablisman aprè siklòn yo, tanpri vizite www.informusvi.com oswa www.usviupdate.com. Suiv nou sou medya sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou fè don oswa pou pote w volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou chwazi nan Ajans Nasyonal  Volontè ki Aktif nan Katastwòf ( National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.  Pou moun ki vle ede, don lajan kach pèmèt ajans ki volontè yo plis fleksiblite pou yo jwenn resous ki pi nesesè yo epi depanse lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo rekipere yo. The Community Foundation of the Virgin Islands genyen “Fund for the Virgin Islands” tou nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou