FEMA AP CHÈCHE ANBOCHE ENSILÈ ZILE VYÈJ POU EDE AVÈK RETABLISMAN AKOZ SIKLÒN NAN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210318/fema-looking-hire-additional-virgin-islanders-help-hurricane-recovery] Release Date: December 26, 2017 ST. CROIX, VIRGIN ISLANDS – Ajans Federal pou Jesyon Kadijans lan (_Federal Emergency Management Agency, FEMA_) toujou ap chèche anboche ensilè sou Zile Vyèj yo kòm anplwaye tanporè pou ede teritwa a retabli aprè siklòn Irma ak Maria. Gen pòs ki disponib sou St. Croix, St. John ak St. Thomas. Ajans lan ap chèche yon varyete travayè pou ranpli kèk pòs pou moun ki gen konpetans nan plizyè zòn. Kandida ki gen diplòm inivèsite epi/oswa konpetans nan kontablite, planifikasyon, analiz done, estatistik, redaksyon, koreksyon, syans anviwonnmantal ak jesyon konstriksyon se moun konsa nou sitou ap chèche. Anplis de sa, nou bezwen tou moun ki gen konesans nan pwogram òdinatè yo tankou Microsoft Office ak Adobe. Moun lokal nou anboche yo pral kontribye konesans ak konpetans ki enpòtan anpil nan efò n ap fè pou retablisman ak restorasyon nan kominote yo a. Lè nou anboche moun lokal yo sa pèmèt nou ede sivivan katastwòf yo retounen travay epi sa sipòte efò retablisman alontèm yo tou. Moun nou anboche yo pral travay avèk yon mendèv ki espesyalize ki enkli travayè teritoryal, lokal ak federal, ajans volontè ak òganizasyon nan kominote a. Moun lokal nou anboche tanporèman yo se pou yon peryòd inisyal ki dire 120 jou, ki ka pwolonje jiska yon maksimòm ennan. Rezidan ki enterese travay pou FEMA ka voye rezime yo pa imèl nan FEMA-DR4340USVI-LocalHires@fema.dhs.gov oswa yo ka aplike sou entènèt atravè Depatman Travay Virgin Islands nan www.vidol.gov [http://www.vidol.gov/]. Pèsonèl resous imen FEMA a pral kontakte kandida yo chwazi yo pa telefòn pou mete randevou pou yo fè entèvyou.   ### _Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. __Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (vwa, 711/VRS - Video Relay Service) (TTY: 800-462-7585). __Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje__._ _Pou enfòmasyon ofisyèl sou efò k ap fèt pou retablisman aprè siklòn yo, tanpri vizite __www.informusvi.com_ [http://www.informusvi.com/]_ oswa __www.usviupdate.com_ [http://www.usviupdate.com/]_. Suiv nou sou medya sosyal nan __twitter.com/femaregion2_ [https://twitter.com/femaregion2]_ ak __www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands_ [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands]_._ _Pou fè don oswa pou pote w volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou chwazi nan Ajans Nasyonal  Volontè ki Aktif nan Katastwòf ( National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  __Pou moun ki vle ede, don lajan KACH pèmèt ajans ki volontè yo plis fleksiblite pou yo jwenn resous ki pi nesesè yo epi depanse lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo rekipere yo. The Community Foundation of the Virgin Islands genyen “Fund for the Virgin Islands” tou nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_. _