Ekip ki soti nan Peyi Danmak Ap Sipòte Aktivite Redrèsman nan Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
PR 002
Release Date:
October 11, 2017
ST. CROIX, Zile Vyèj – Ajans Jesyon Ijans Danwa (Danish Emergency Management Agency, DEMA) a ap kolabore ak misyon federal ak teritoryal Etazini, kote l ap bay sipò ki gen anpil valè pou aktivite redrèsman Zile Vyèj Ameriken yo apre pasaj siklòn Irma ak Maria.

men walk through damaged areas

Yon douzèn manm Ekip Teknik pou Redrèsman Bonè DEMA te kòmanse fè reparasyon ijans nan yon mezon retrèt nan St. Thomas ak nan yon etablisman edikasyon nan St. Croix.  

DEMA ap ede repare 2 seksyon nan mezon retrèt Sea View Nursing Home ki nan St. Thomas ansanm ak nan kafeterya a.

Yote achte lokalman planch, bach plastik, materyo pou twa ansanm ak lòt materyo konstriksyon. Teknisyen DEMA yo tee de tou demare jeneratris etablisman an pou retabli kouran ak sèvis dlo a.

Nan Sant Edikasyon St. Croix Educational Complex, pèsonèl DEMA yo te fè ranjman, retire twil twa ki domaje yo nan plafon an ak gwo risk ak obstak nan salklas yo, nan atelye pwofesyonèl yo ak nan bilding adminitrasyon an. Pitou, yo te repare plizyè pati nan twa a. Yo pral anboche ekip netwayaj ak sanitasyon lokal pou òganize yon netwayaj ki pi detaye pou salklas yo ka vreman pare pou resevwa elèv yo.
 

man looks at damaged roofmen work on a staging platform

men work on a generator

(Anwo agòch) Yon ekip DEMA ap evalye domaj nan mezon retrèt Sea View Nursing Home nan St. Thomas pou ede etablisman an rekòmanse fonksyone nòmalman.

(Anwo adwat) Manm DEMA yo ap fè reparasyon nan Sant Edikasyon an.

 (Agòch) Manm DEMA yo ap travay sou yon jeneratris Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini te enstale nan Sant Edikasyon an nan St. Croix.



Se Jocelyn Augustino ki fè foto FEMA yo

Si ou vle gade plis foto travay DEMA ap fè, tanpri klike soul yen ki anba la yo:

https://www.fema.gov/media-library/assets/images/146072

https://www.fema.gov/media-library/assets/images/146074

https://www.fema.gov/media-library/assets/images/146075

https://www.fema.gov/media-library/assets/images/146380

https://www.fema.gov/media-library/assets/images/146381

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou