Preparasyon pou Tanpèt pou Popilasyon Moun Aje yo

Release Date Release Number
166
Release Date:
July 15, 2019

ZILE VYÈJ AMERIKEN – Lè yon siklòn ap apwoche, moun aje yo ka bezwen èd fanmi oswa zanmi yo pou yo ka byen prepare. Baryè nan preparasyon kapab fizik, emosyonèl, oswa finansye.  Li t ap pi bon si yo gen yon kote pou jwenn abri ak moun yo konnen pou garanti y ap an sekirite.

Moun aje yo bezwen yon twous menm jan ak tout moun ki kapab pral fè fas a yon dezas; diferans la se pwovizyon espesyal yo bezwen yo.

Twous Preparasyon pou yon Moun Aje

  • Yon (1) galon dlo pa jou pou 10 jou. Bwason elektwolik yo se yon bon sous idratasyon.
  • Manje ki pa ka gate.
  • Gwo dra, rad an plis ak soulye ki konfòtab.
  • Linèt, katetè, batri, sistèm oksijèn derezèv, elatriye.
  • Twous premye swen, kat asirans medikal ak kat Medicaid/Medicare.
  • Medikaman preskripsyon ak kopi preskripsyon ou ka renouvle pou jiska sis (6) mwa.
  • Etikèt oswa braslè avètisman medikal ak enfòmasyon sou bezwen pou swen sante.
  • Yon lis fanmi ak zanmi pou kontakte si ta gen yon ijans.
  • Lajan kach an plis, paske ou ka pa jwenn aksè nan labank ak ATM (distribitè).
  • Kopi dosye fanmi ak lòt dokiman enpòtan tankou batistè avèk ak maryaj, kat Sekirite Sosyal, paspò, testaman, papye tè, enfòmasyon sou lajan; dosye asirans ak vaksen - ou dwe mete tout dosye nan yon sache ki kachte epi dlo pa ka antre ladan.
  • Yon radyo ki mache ak batri ak/oswa yon radyo meteyo NOAA.
  • Yon flach ki mache ak enèji solè oswa batri.
  • Yon siflèt pou rele pou mande sekou.

###

Swiv nou sou rezo sosyal yo sou twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Pou alèt ijans, ki gen rapò ak meteyo, sekirite piblik ak koupi nan sèvis yo nan Virgin Islands, enskri pou resevwa Alèt nivo VI oswa kopye https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login nan navigatè ou a.

Tags:
Dènye mizajou