PREPARASYON POU TANPÈT POU POPILASYON MOUN AJE YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/storm-preparations-senior-citizen-population] Release Date: July 15, 2019 ZILE VYÈJ AMERIKEN – Lè yon siklòn ap apwoche, moun aje yo ka bezwen èd fanmi oswa zanmi yo pou yo ka byen prepare. Baryè nan preparasyon kapab fizik, emosyonèl, oswa finansye.  Li t ap pi bon si yo gen yon kote pou jwenn abri ak moun yo konnen pou garanti y ap an sekirite. Moun aje yo bezwen yon twous menm jan ak tout moun ki kapab pral fè fas a yon dezas; diferans la se pwovizyon espesyal yo bezwen yo. Twous Preparasyon pou yon Moun Aje * Yon (1) galon dlo pa jou pou 10 jou. Bwason elektwolik yo se yon bon sous idratasyon. * Manje ki pa ka gate. * Gwo dra, rad an plis ak soulye ki konfòtab. * Linèt, katetè, batri, sistèm oksijèn derezèv, elatriye. * Twous premye swen, kat asirans medikal ak kat Medicaid/Medicare. * Medikaman preskripsyon ak kopi preskripsyon ou ka renouvle pou jiska sis (6) mwa. * Etikèt oswa braslè avètisman medikal ak enfòmasyon sou bezwen pou swen sante. * Yon lis fanmi ak zanmi pou kontakte si ta gen yon ijans. * Lajan kach an plis, paske ou ka pa jwenn aksè nan labank ak ATM (distribitè). * Kopi dosye fanmi ak lòt dokiman enpòtan tankou batistè avèk ak maryaj, kat Sekirite Sosyal, paspò, testaman, papye tè, enfòmasyon sou lajan; dosye asirans ak vaksen - ou dwe mete tout dosye nan yon sache ki kachte epi dlo pa ka antre ladan. * Yon radyo ki mache ak batri ak/oswa yon radyo meteyo NOAA. * Yon flach ki mache ak enèji solè oswa batri. * Yon siflèt pou rele pou mande sekou. ### Swiv nou sou rezo sosyal yo sou twitter.com/femaregion2 ak [https://twitter.com/femaregion2]www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands]. Pou alèt ijans, ki gen rapò ak meteyo, sekirite piblik ak koupi nan sèvis yo nan Virgin Islands, enskri pou resevwa Alèt nivo VI [https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login] oswa kopye https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login nan navigatè ou a.