Sis mwa aprè de (2) siklòn kategori 5 fin frape, Zile Vyèj Etazini yo (U.S. Virgin Islands) ap rekipere

Release Date Release Number
95
Release Date:
March 2, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Yo retire debri sou wout yo. Elektrisite ap fonksyone. Magazen yo ouvri. Elèv yo lekòl.

Sis mwa aprè siklòn Irma ak Maria te fin devaste St. Thomas, St. John ak St. Croix, rekiperasyon an ap pousuiv, sou direksyon Ajans pou Jesyon Kadijans Teritoryal Zile Vyèj yo (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency) ak ofisyèl lokal yo avèk sipò Ajans Federal pou Jesyon Kadijans lan (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak ajans ki kolabore avèk li yo

“Rezidan sou zile sa yo djanm,” daprè deklarasyon ofisye koòdinasyon federal la William Vogel. “Yo sipòte de (2) siklòn kategori 5 nan yon espas de (2) semèn. Y ap travay di pou retounen nan lavi nòmal yo. N ap fè tout sa n kapab pou n ede teritwa a rekipere epi pou l vin gen plis kapasite pou l fè fas ak tanpèt k ap vini alavni.”

Siklòn Irma te frape le 6 septanm epi Maria te frape le 19 septanm. Aprè dezyèm siklòn nan, te gen plis pase 100,000 rezidan ki te pèdi kouran. Yon kolaborasyon ant Virgin Islands Water and Power Authority, FEMA, Haugland Energy ak lòt konpayi elektrik te pèmèt yo bay 90 pousan konsomatè ki elijib yo kouran nan yon espas 100 jou. Semèn sa a, 99 pousan gen kouran.

Rive 2 mas U.S. Army Corps of Engineers ak ajans teritoryal yo te kolekte 2, 870,726 mèt kib debri siklòn yo. Gadkòt Ameriken an te sipèvize rediksyon polisyon ak anlèvman 479 bato ki te deplase.

Ajans federal yo te bay teritwa a plis pase $800 milyon sou fòm sibvansyon FEMA, prè lajan pou katastwòf ki sot nan Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini ak pèman reklamasyon ki sot nan Pwogram Nasyonal pou Asirans kont inondasyon.

Teritwa a toujou ap fè fas ak kèk defi.

Kouvèti plastik ble toujou sou kèk twati kay. Teritwa a te mete sou pye yon pwogram pou reparasyon kay nan kadijans, ki resevwa finans nan Asistans Piblik FEMA, pou fè reparasyon nan kadijans pou kay yo konsa yo ka vin san danje epi abitab pou moun yo rete ladan yo. Asistans endividyèl FEMA ap bay fanmi ki elijib yo lajan pou reparasyon yo epi li te aktive yon pwogram pou fè reparasyon pou fanmi ki elijib yo.

Lopital yo te sibi gwo domaj. Yon gwoup travay kolaboratif ap fè yon evalyasyon detaye sou etablisman medikal yo, ikonpri Juan Luis Hospital, Schneider Hospital ak Myrah Keating Smith Community Health Center. Sa se yon etap enpòtan pou detèmine ki valè kòb sa pral koute pou repare oswa ranplase etablisman medikal sa yo. Antretan, FEMA, U.S. Army Corps of Engineers ak U.S. Department of Health and Human Services ap travay pou mete sou pye kèk etablisman medikal tanporè konsa moun yo pa bezwen vwayaje al sou kontinan an pou tretman pou pwoblèm grav yo genyen.

Nan St. Croix, yo pwograme pou enstale yon sal operasyon ki gen twa chanm sou teren estasyonnman yo nan Juan Luis Hospital nan fen mwad me a. Lopital la te fè demann pou kèk pwopozisyon pou konstwi yon etablisman pou tretman dyaliz tanporè nan Juan Luis Hospital. Yo planifye pou mete yon etablisman medikal tanporè pou klinik nan Virgin Islands Department of Health la sou sit konplèks medikal Charles Harwood la disi fen mwad jen an. Nan St. Thomas, yo planifye pou mete yon etablisman medikal tanporè pou Schneider Hospital disi fen mwad jen an. Nan St. John, Army Corps la estime y ap fini yon klinik tanporè pou swen pasyan nan Myrah Keating Smith Community Health Center disi fen mwad me a.

Trèz lekòl te fèmen aprè siklòn yo epi elèv yo te oblije al nan lòt lekòl sou dezyèm chif. Depatman Edikasyon Zile Vyèj la te idantifye 24 pwopriyete ki domaje sou St. Croix; 18 ladan yo se lekòl epi lòt sis yo gen ladan yo sant kourikoulòm nan, syèj nasyonal la, sant pou edikasyon adilt, depo pou akizisyon, sant reyadaptasyon pou jèn yo ak depo pou manje yo distribiye nan lekòl yo. Sou St. Thomas ak St. John, Depatman Edikasyon an te idantifye 23 pwopriyete siklòn yo te domaje; 20 ladan yo se lekòl epi lòt twa yo sant kourikoulòm nan, syèj nasyonal la ak depo pou manje yo distribiye nan lekòl yo. FEMA ap travay avèk VITEMA ansanm ak Depatman Edikasyon an pou evalye kondisyon ki nesesè pou mete sou pye etablisman tanporè pou lekòl ki te domaje yo.

“FEMA pral kontinye fè travay la jiskaske travay la fini,” Vogel said. “Gen kèk òganizasyon volontè k ap travay di pou ede moun siklòn yo te afekte yo. Yo te fòme gwoup pou rekiperasyon alontèm. Kominote sa yo sou wout pou retablisman.”

Men chif yo (2 mas 2018)

  • FEMA pou endividi ak fanmi:$71.8 milyon
    • Asistans pou lojman: $50.1 milyon
    • Asistans pou lòt bezwen: $21.7 milyon
  • Asistans piblik FEMA: $261.9 milyon
  • Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini: $459.8 milyon
  • Pwogram Nasyonal pou Asirans kont Inondasyon: $6.6 milyon
  • Pèsonèl federal ki deplwaye pou lemoman: 497
  • Vizit nan Sant pou Rekiperasyon akoz Katastwòf: 65,372
  • Pasyan medikal/swayan ki evakye (USVI/Pòtoriko): 781 an total, 246 kounye a
  • Asistans pou preskripsyon nan kadijans: $648,131
  • Restorasyon kouran pou konsomatè ki elijib: 99 pousan
  • Anlèvman debri: 870,726 mèt kib
  • Jeneratè yo enstale: 180 an total; 13 kounye a
  • Asistans pou chomaj akoz katastwòf: 1,208 aplikan yo apwouve, $2.1 milyon
  • Jesyon ka akoz katastwòf: $11.5 milyon
  • Konsèy pou jere kriz: $2.5 milyon
  • Kontenè chimik yo retire: 3,668
  • Galon kabiran/luil yo rekipere: 12,449
  • Dechè toksik yo kolekte:
    • Ti kontenè: 62,614
    • Kontenè (6-54 gal): 290
    • Dwoum: 192
    • Tank pwopàn: 1,525
    • Ekstenktè dife: 784
    • Silenn: 769
    • Batri: 14,464
    • Anpoul fliyoresan: 24,105
    • Palèt dechè elektwonik (St. Thomas/St. John): 368
    • Atik dechè elektwonik (St. Croix): 42,881
    • Aparèy elektwomenaje: 5,181
    • Kontenè ki gen pwodui ki file: 3,802
    • Sachè dechè medikal: 5,950
    • Liv refrijeran: 69

 

###

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (vwa, 711/VRS - Video Relay Service)(TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansanm pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Aprè kokenn katastwòf, Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini an (U. S. Small Business Administration, SBA) se sous prensipal finans federal pou asistans pou rekiperasyon alontèm. Asistans sa a fèt sou fòm prè lajan ak enterè ki ba epi li disponib pou biznis tout gwosè ki pa nan domèn agrikilti, òganizasyon prive a bi non likratif, ansanm ak pwopriyetè kay, lokatè aki te sibi domaj sou pwopriyete yo akoz katastwòf la.

Suiv nou nan medya sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou fè don oswa pou pote w volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou chwazi nan Ajans Nasyonal  Volontè ki Aktif nan Katastwòf ( National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.  Pou moun ki vle ede, don lajan kach pèmèt ajans ki volontè yo plis fleksiblite pou yo jwenn resous ki pi nesesè yo epi depanse lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo rekipere yo. The Community Foundation of the Virgin Islands genyen “Fund for the Virgin Islands” tou nan www.USVIrecovery.org.

 

Tags:
Dènye mizajou