Netwayaj an tout sekirite apre Inondasyon an

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 108
Release Date:
November 13, 2017

ORLANDO, Fla. – Si kay ou te inonde nan Siklòn Irma e dlo inondasyon an fenk kòmanse disparèt, gen etap pou pran pou asire ke pwosesis netwayaj ou san danje.

Premyèman rele ajan asirans ou pou depoze yon reklamasyon epi rapòte domaj la opli vit ke posib. Asirans kay yo jeneralman kouvri pèt ke van, tanpèt oswa lòt tiyo ki pete koze, men se pa sifas ki inonde, sa ki kouvri pa yon lòt kontra asirans ki soti nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon  [National Flood Insurance Program (NFIP)]. Asire ou enskri pou jwen èd avèk FEMA.

Netwaye apre Inondasyon Siklòn Irma

  • Sekirite Pèsonèl se toujou pi gwo priyorite lè wap antre nan bilding ki andomaje pa dlo inondasyon.
  • Verifye pou domaj estrikti anvan ou antre lakay ou pou evite ou bloke nan yon bilding ki efondre.
  • Kite kouran fèmen jiskaske yon elektrisyen te enspekte sistèm ou an pou sekirite.
  • Fèmen gaz la. Ou dwe vijilan pou gaz kap fwite.
  • Gade anvan ou mete pye w. Apre yon inondasyon, atè ak planche yo kouvri avèk debri, sa ki gen ladan boutèy kraze ak klou. Atè ak eskalye yo te kouvri avèk labou ka glise anpil.
  • Pran foto nenpòt dlo inondasyon lakay ou ak atik ki andomaje pou rezon asirans.
  • Sove atik ki gen plis valè yo, men pa eseye sove byen odepan de pwòp sekirite w.
  • Mete rad manch long, soulye ki solid oswa bòt enpèmeyab, ak gan plastik oswa kawotchou pandan netwayaj la.
  • Lave men w souvan avèk savon ak dlo pwòp oswa itilize yon jèl pou netwaye men ki gen alkòl ladann.
  • Mwazi ka fòme nan lespas 48 èdtan; ou pral bezwen pou travay rapid. Objektif la se pou redwi imidite ak tanperati ozalantou bagay ki enpòtan pandan wap netwaye epi seche yo. Si ou jwenn anpil mwazi, itilize ekipman pwoteksyon tankou gan, linèt ak yon mask pou figi N95 oswa N100, ki disponib nan pifò kenkayri yo.
  • Ajans Pwoteksyon Anviwonman (EPA) ofri gid pou netwayaj mwazi apre inondasyon.
  • Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi bay yon kantite resous itil, sa ki gen ladan  www.cdc.gov/disasters/returnhome.html osijè pou retounen lakay ou ansekirite apre yon katastwòf; ak www.cdc.gov/disasters/floods/cleanupwater.html osijè danje ou ka rankontre lè wap netwaye andedan ak deyò kay ou.

Depoze Reklamasyon Asirans Inondasyon NFIP w Apre Siklòn Irma

  • Rapòte pèt ou imedyatman bay ajan asirans ou an.
  • Mande pou peman davans, sa ke yo bay a detantè asirans ki kalifye.
  • Ale sou entènèt pou gade how to file your flood claim.

Yon infographic etap-pa-etap sou kijan pou depoze yon reklamasyon disponib sou entènèt tou.

FEMA bay aksè a èd pou katastwòf ak resous nan www.disasterassistance.gov/.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou  @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

Tags:
Dènye mizajou